Politik An Ayiti • Haiti-Boiii

ADDED BY VONSHI (NOV 29, 2016 AT 7:53 PM) 20,085 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Haiti-Boiii

[REFREN]
Politik An Ayiti. Politik An Ayiti. Politik An Ayiti bagay ou pa vle wè a se li k Politik An
Ayiti. (3×)

[Verse/Vès 1]
Politik an Ayiti bagay funny net
Sakap di tèt kale prezidan avi se yo menm anko kap di viv aristide,
Check this dlo a santi nap bouche nen poun bwèl, nou toujou bliye
Depi kob la gen koulè vèt se pa denigre map denigre nou non!,
Nou kon verite a deja mwen jis ap repete l le m prezidan map fè this map fè that
Se sa yo di chak sen-kan mantalite ayistien an depi fanmi l ap bien viv
Kitemele l ak peyi a yo pa l eternel yo paka chanje l
Nap pede di se nou menm ki premye pèp nwa ki libere mwen
Pa wè sa fè anyen pou nou lot peyi gade nou menm jan
Drapo bleu e rouge la nou fel tounnen twal mouye
Yo paka dirije tèt yo epi yo vle dirije yon nasyon?
Lew pran tan w lew pran san w pou gad peyi m ki rele ayiti
Wap wè li toujou tifi ....

[REFREN]

[Verse/Vès 1]
Pou politik yo mache yo pran lang fransè a yo itilize an venn
Ayiti pale kreyol koman nap pale ak nou nou fel an lot lang?
Ki moun nap kraponnen la yo di ayiti pov pagen peyi ki pa jwi
Ayiti saw panse te rive 12 janvyè a se pa sak te rive vre.
Si vwazen an foure bouch li nan biznis lakay nou se poutèt nou
Pagen tèt ansam tout sak fèt an Ayiti tout se politik
Leve bonè al riske viw pou vote epi vòt ou a pa menm kalifye.
Mwen pa wè poukisa Ayiti gen eleksyon
Paske prezidan ki pou moute a deja chwazi
Nou toujou tonbe pou menm t powèm nan,
Nan men chak politisyen ou menm ki paka manje
Yo voyew devan yo di an mobilize pou poch yo ka vin pi plwen
Lè sa fini yo rele w chimè.sispan tande ti neg madanm
Ti neg ak pitit ti neg ap viv lot bò
Wap sakrifye viw pou voye ti neg anle
Respekte tèt nou lot peyi se pa bon l bon ke Ayiti pase sa
Yo jis gen plis opòtinite nou di Ayiti yon move peyi
Epi blanc ap panse anpil pou yo fin pran lan men nou?
Pito Ayiti te gen yon kandida tankou Donald Trump
Ki pap sere kras pou jwen vòt si gen swasant pati politik senkant nèf nan
Yo se menm fanmi an respekte tèt nou paske e yo menm kap trèt nou sweat nou
E yo menm ki mèt nou.

[REFREN]