Vin Defoule W • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:51 PM) 17,046 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Intro]
Cheri ou mèt vin kale kò w
Tout sa k nan pòch nou se pa w
Vin souke sa manman w ba w
Si w pa sou sa just ranje kò w.

Sa ase knock out, nan club la kap party
Si w pa gen 18 tan déjà, ou pap ka rantre
Son w fèt chacha, nou pwal transfòme
Ti fi fidèl rale kò w la, poun pa fann tchouaw .
Tout fanm byen “swag”, an mòd pantachoula
Tout nèg byen santi bon byen “swag”, nan pòch nou gen “dollar”

[Refren]
Vin souke kò w, ouvè kò w
Fè afè w, fè sa w vle ak kò w
Nap bwè alkòl, ak kontwòl
Fanm, thug, kou nèg ak kòl.
Fèm tande vwa n ap rele oh!!!
Gen byè, gen ronm, gen kòb, gen fanm
Nèg pwal dòmi nan janm
Pou party nou pap janm stop
Debarase boutèy anbarase tèt.

[Strophe 1]
Sa a pa yon sosyal ni konsyan teks
Mpap pwan pwoblèm pou preteks
Lavi se kòb, trip, seks
M ap pwan plezi m san konpleks.
Se pa lè pou w chita nan kwen w pale vye koze
Politik nan yon peyi kote fatra ban nou noze
A monchè depi gen sante nou pa dwe poze
Se chache kote plezi a ye, pou n ale depoze.
Sonw club tout mou nap dekole, fanm mwen wè m pa ka pote
Erezman m byen kapote, kanmenm fòm fonw de kole.
Aswè a se mwen ki gen kle ren w
Cheri san pwoblèm koule kleren w
Sa w wè k ap boule la a se papye
Se strès nou vin foule anba pye.

[Bridge]
Ladies ang gents
It’s K.O party.
With all our fans
We about to getting naughty.
Party party in the club
Lot of money in the club
Boddles poppin in the club
Models wining in the club.

[Strophe 2]
Anbyans lan “dense”
E tout moun an mòd dans.
Manouchka si w sou sa
Jis dim nou pwal fè sa
Ou mèt ranje kò w no bèk atè, m pa pè pou nou fèl atè
Nenpòt kote pa gen pàn m pa “care”
Lè nou bouke nap kage byè, pou n pi solid ke gad pale
Fè w pipi klè san djòlè m konn sa pa kè.
Whenever you wanna go, I’m there
You just got to let me know, I’m there.
People who be watching us, not there
They gon be doing it just like us, right there.
M pap ba w manti, boutèy fè kenken sou tab nou pa gen plas pou selilè
Bè kote n chaje mannken e pèsòn pa sousye de lè.
7 pou 7 pap fè nou pè, pi rèd pita nap bò lanmè
Tout fanm an mòd bikini ap trip nan K.O. “party”

[Strophe 3]
K.O “party”
Lafimen k ap monte, boutèy nou pap konte
Tout mou nap danse, pa gen plas pou fistre
Ou mèt pa kanpe, party a pap kanpe
Dj let the music play
Moove to the left (bouje)
Moove to the right (kage)
Before the death come, come enjoy your life