Bezwen Zo • K-Libr

ADDED BY TIZER (NOV 24, 2014 AT 4:04 PM) 16,586 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Ouragan

[Intro]
Kolabo Records
Knockout Baby
On peyi tout moun so fè zo kounya men
Zo – pinga w di l de fwa non papa
Non monchè

[Hook]
Tout moun bezwen zo
Pou fouye tou – bezwen zo
Chen k grangou – bezwen zo
Menm moun fou – bezwen zo
Simityè – bezwen zo
Atoufè – bezwen zo
Pou depanse – bezwen zo
Pou nou panse – bezwen zo
Tout kouch – bezwen zo
Menm mouch – bezwen zo
Politisyen – bezwen zo
Gwo ou ti chyen – bezwen zo
Raketè – bezwen zo
Brasè – bezwen zo
Menm pastè – bezwen zo
Malfektè – bezwen zo

[K-Libr]
Ou pap gen bèl sezon si w pa antre n’on rezo
Moun finn pèdi rezon pou selilè k pèdi rezo
Fanm ak gason pa kole ansanm ankò
Si zo pa nan mitan, Lanmou ap pran move kout sizo
Fè moun bliye moun, fè n bliye si n se youn
Fè moun imilye moun
Fè dèmilye de moun tounen Mafioso, pèdi valè yo vin pa saj
Kraze zo yon valè lòt pou ka jwenn pasaj
Rapè k’ap plenyen k pa jwenn zo paske yo pap blood
E blood, isit se tèt pete k’ap bay lòd
Oh Lord, nan wayòm sousou arivis se God
Kokorat san kòd, se zosman ak dechè k alamòd
Wi m’finn tounen ‘on blòk zo paske m’fè tan m nan liv
Anvan m’chache fè zo, nan tèt mwen m’fè lesiv
S’on kriz moralite k’ap manje nou jouk nan zo
Yo pap kite w tande m ni gade m si pòch nou tout san zo

[Hook]

[Ouragan]
Gen nèg ki pa pè fè kidnape tèt pa l sou fanmi l pou l fè zo
Gen ratyèfè pran 4 zo diferan pa zo pou l fè zo
Pran pòz pa fè w, manti non frè m, yo menm k’ap fè pi mal pou zo
Pou gwo zo, nan lèta gen pòs k’ap vann pou nèg fè zo
M’wè twòp blood sal k’ap chache zo
Lè yo wè m pa di m sa k’ap fèt blòd
Twòp bèl fanm ki pran tout zo k pou zo
Nan kò m pa genyen blood
Yo sou bag la mete zo, fò w aranje w, wè devan je w
Gad devan je w nèg pap pè b’al gwo zo, l’pap care sa deranje w
M’wè gen fanm ki pa pran zo ankò men k pouse zo bay lòt
Gen nèg ki se tizè gou zo ki prè pou souse zo pa lòt
Paske moralite ak diyite absan depi se devan zo
Yo fèl vin pran on kanè, gad zo pap pran feeling nan devan zo
An n f’on ti pale black, n’ap f’on ti tripotay
Ah monchè, m’di w m’serye, kounya non m’pap fè blag
M’konn yon nèg depi l pran wout travay pou l al chache zo
Madanm li gentan kay vwazen tankou chyen fou l’al chache zo

[Hook]

[K-libr & Ouragan]
Plis k’on milyon moun leve maten nan pòch yo pa gen zo
But chak weekend yon pakèt lòt al boule milyon nan jwe zo
Moun ki pase plis tan nan chache l’pa janm fè vye zo
Poutan gen plis ki t’ap la toujou si yo te jwenn yon vye zo
Imajine w konbyen bèl fanm nan bèl djòb k’ap brase bèl zo
Poutan g’on bann ki pa ka souse on zo paske yo pa vle pran zo
Lè w’ap bay zo san mete zo, non w se “gwo soulye, mawozo”
Konsa tou si w vle met zo avan w bay zo ou se mawozo
Gen sa k pase 20 an nan chache zo k pa janm met soulye nèf
Men se nòmal, yo pa ret nan lojik fè 0 tounen 9
Kolera bay dyare k seche w fè w tounen lamègzo
Poutan gen moun se gras a li si jodi a yo ka fè zo
Chak pwent kò nou tout se zo
Lè n mouri nou se zo
Ou gen kòb tou li se zo
Ou byen kanpe ou se zo
Ou enbesil tou w se zo
Yo di m lè w real tou ou se zo
Ou s’on ti batkò tou w se zo
Ou s’on kokorat tou ou se zo

[Outro]
Yo ‘Gan, yo di pou n fè zo nan rap kounya fò n fè rap ti kawòl
Pandan nan rap nou kase le zo dog tèlman n di pawòl
Nou bwè Enbesilsilin
Non monchè nou bwè Medyokriline
Kokoratsetamòl…hahaha