Se Nou • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:38 PM) 16,209 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Ouragan
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Strophe 1 (K-Libr)]
Siw tande on trak yo di k fre epi k chè, konn se pou nou
Nèg ki pap rape pou, men k chaje frechè : mè wi se nou
Nèg ki pap pale de fès ni de chè sèlman se nou
Sak kwè ke yo “the best” men ki bon pou dechè, non se pa nou.
Si madanm ou pa santi anyen pou ou, konnen l rankontre m déjà
Se pa pale met la, m se nèg ki ka fè fanm ou kite w san pale l de ja.
Rapè ki rekonèt valè fanm yo, se nou ki sou trak pa janm trete yo bètman
Rapè ki gen yon valè bèl fanm dèyè nou, pawòl nou fè yo chanje souvètman.
Se nou k ap rap pami on pil lòt pa pou bay djòl lè
Sak fè track nou gen frap san n pa fè djòlè. (siw vle pale tenten sou nou)
Kisaw ka di sou nou, aprè w fin tande sa a ke nou fou e nou fò
(Ou vle metew fas a nou) pouw ta rivalize nou, ou gen pouw fè anpil efò.
Se nou k fè rap jodi a bon pou pase nan tout zòrèy
Se nou k fè rap jodi a gad anlè olye de tèt zòtèy.
Rapè k jwenn respè nan tout sektè yo, se nou
Si gen de lòt rapè k pi fò pase nou, konnen se nou.

[Refren]
Siw tande de rapè kap fè malè (konnen se nou)
Si yo di w nan lari a gon w chalè (konnen se nou)
Siw tande on son k ap pete opalè (konnen se nou)
Rezon ki fèw pwal bese talè (konnen se nou)
Se se nou (8 fwa)
[Strophe 2 (Ouragan)]
Sèl nou k konsa vrèman, “easy” pouw wè sa depi sou bout son sa
Toujou klasik pa gen de, pa gen twa, pa gen kat, pa gen dout nan sa.
Yon pakèt gwoup sansal kap plede radote n vin met yon bout nan sa
Depi tout tan sa n tap swiv, pa gen jwèt kounya se bout tan n sa
Sa se klik klik Ouragan, chak sa n “spit” “heat” anlagan
Nou k gen plis “cheac” nan rap lan, pou yo nou pi “sweet” sou kabann
Ki yès ki plis trip ke nou menm, ki “sound” pi “deep” ke nou menm
Ki fè “fake freak” ke nou menm, e ki plis “chic” ke nou menm.
Nou se pwensipal rezon ki fè fanm ou nan kay pa ka chita
Pwan pretèks sou do Rita pou l al met grèf nan tèt pita
A chak fwa yo wè n nan video, oubyen tande n nan radio
Jounen n pap pase san ti tèt sèpan n pa jwenn on krezi bo.
E ou konnen n pap pa vannen li, n pap pa kase met nan men li.
Fè l depale, di l bouke bay tout sa ki gen nan ren li.
Noun an tout patiraj, nan kèw pou nou se pa ti raj,
“But we don’t give a F nigger” pou n rive la se pa “par tirage”

[Strophe 3 (Ouragan et K-Libr )]
Chak fwa nou “out” frechè n degaje ka glase on kès byè rèd
Stil nou ra ou pap ka jwenn achte l menm siw gen kès biyè vèt
Teknik nou klas, e yo “automatiquement à jour”
Sa k te panse yo fò, yo vin wè se efò ke y ap fè devan nou “la nuit et le jour”

Mizik ayisyèn te manke pwa, sa k fè n lage son k lou
Nou se mato rap se bwa, chak son n lage sonw klou
San yon klou malgre tou, y ap eseye nan do bann kou
Bann fou, 100 nou pa ka fè rap fè wout san nou

Nou gen lirik “to the bone” flo pou n revann, sou tout kick nou marye fòm ak fon
E nou fè lekòl pou sak vle aprann, fòw mache vit pou w ka jwenn fòmasyon
E kiyès ki pat konnen se nou ki fè rap sonnen
“Dans les hautes sphères de la société” menm zòt konnen

Nou se “mi-Homme, mi-Lion”
E nap konte siksè tou kòm milyon
Si lòt peyi kwè Ayiti gen rap, se gras a nou
Si rapè pa sinonim : idyo, kreten, valpa, se gras a nou