Boutèy Anlè • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:05 PM) 23,507 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011

[Intro]
Click click yow, 48 bars ankò wi Cherie
Kolabo recordz
Ou konn sa m ap bwè la a : “vas au sex”

[Refren]
Boutèy anlè (xxx)
Pase m boutèy la silvouplè pou m chache yon koulè
Yon koulè ki pou fè m wè klè pou m bliye tout doulè
Sitoulè m anvi pèdi tèt mwen pou m rete dou lè
Pwoblèm yo vle mete m atè pou m ka rete anlè

[Strophe 1]
Si w pa vle fou nan peyi sa a chache yon boutèy pou w kage
Oubyen w chache on plezi seks oubyen zanmi pou w blage
Wi m konnen nou bezwen trip men teks K-Libr pa ka ge
Men mbaw sa pou wdanse sak fè son “krunk” m lage.
Rezon kounya pou de patnè chita ansanm se yon vè
Kleren fanm ak biyè fè je ti nèg vire lanvè
Kèk grenn diri enpòte nan vant yo pwal touye vè
Plis yon viza sifi pou fè l bèbè ou pale bè.
Politisyen avèk machann kleren se menm
Youn bay pawòl youn bay alkòl men efè yo se menm
Se fè yon bann moun sou al lage kò yo nan pisin
Fè yon bann lò sou bloke lari boule machin.
Lè kòb machann kleren pwan chè, kounya l pwal fè frechè
Lè gwòg tafyatè pwan chè kounya l pwal dòmi sou dechè.
Ti pèp tou mal nouri, menm lè l bwè fò l al vomi
Jiskaske l al mouri, oubyen yo fè l al dòmi.

[Strophe 2]
Menm si w wè m sou m ap vomi pa panse m gen kolera
Se dlo poupou vomi yo di k bay moun yo kolera
Men MINUSTAH k pote mikwòb la li l toujou kole la
Al bwè dlo sikre ak sèl pa vin pete tole la a.
Gen pwazon pou rat sourit pinèz fomi marengwen
Se pa sèlman zam ak kòb mikwòb ka touye ayisyen.
Pou pwodiksyon agrikòl nan plas traktè yo bann cha
Nan kanaval isit se sèlman “Wony” yo bay cha.
M fenk kare bwè men m pap sou, m vle wè klè menm m pap fou
Sil pa sou li sonw sousou, sa k pa di fout se soufnantchou.
Si yo kwè l te sou lekòl ti joslin tap pwan kanè
Si pat gen egzamen kòman w vle pou w jwenn kanè.
Pouta se mwayenn 10 pou tout eleèv kay “Lambert”
Yon lekòl ki chaje vis kòman w ta vle pou n pa nan bè
Entelektyèl kòsmòbè, swa l avèg ou swa l bèbè
Politisyen kounabè ki pwan pèp la pou sòbèbè.

[Strophe 3]
Depi tafya fin koule, pyès moun pa ka kanpe
Tout bèl lide koule sa k pa kilbite dwe tonbe.
Yo pito militon yo gonfle twòp nan berejèn
O vle yon militant ki konn kijan pou l bere jèn.
Kounya m konnen tout lafimen just pa leve pou menm kòz
Genyen k pou defann yon kòz, genyen se pou di l pa wòz
Genyen k pou ogmante dòz, Genyen se zòt kap pwan pòz
Genyen k se lafimen bòz, genyen k se pou kreye “buzz”
Anpil moun te fè kòb nan 12-01-10 men k pè di sa
300 mil moun te jwe boul sa yo ak vi yo men k pèdi sa.
Tout moun men nan tèt,
Men depi se bòlèt ou fè pèt ou pa ka di kèt ni regrèt, ni remèt ou pèdi nèt
Men nou twò bèt
Ou pa ka fè dèt sou lajan bòlèt pou w rale manchèt lè w pèdi pou w anvi koupe tèt.
Sispann di n granmoun si n vle yo ban nou diri jan
Yo te fè l aprè 12 se yo k pou ban nou dirijan.
Chay la te sou tèt tonbe sou zepòl se pa wòl mwen men depi m bwè m di pawòl
Nèg a kòl pa ta vle n gen kontwòl nan plas lekòl yo ban n alkòl.

[Outro]
Yo! Apa m tande w di entèl pi fò pase m
Ou gen lè fou man
Ou pa wè kounya a se grenn map achte poum ka sòt
Enbesilsilin, kokoratsetamòl, epi tout lòt yo.