M'pa Ka Dòmi • K-Libr

ADDED BY TIZER (NOV 24, 2014 AT 2:20 PM) 23,538 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Lyrics by: Valckensy Dessin

[Intro]
Shit m’paka dòmi
Ti dòmi pa menm ka pase nan je m
M’reflechi twòp men,
Damn

[Verse 1]
Mwen gen twòp sousi ki fè m pa ka fèmen je m
Menm nan nwit nan tèt mwen, twòp bagay k’ap fè bri reveye m
Menm lè sou figi m ou wè m kontan men andan m g’on loraj
Menm lè deyò a l’fè bon tan, andan m gen lapli loraj
Kidonk ak plim mwen m’deside fè rezistans
G’on pi gran k te di plis ou gen sans se plis ou gen soufrans
Ant sa n jete e sa n’ap vale pa gen diferans
Poutan sa n’ap tande nan info ap leve dife rans
Malpwòpte fotojenik nan je yon popilasyon
Yo ba l papye injyenik li di se inovasyon
S’on voksal, vwa yo se preskripsyon
S’on maladi sosyal, fatra se preskripsyon
Menm lè m tante, m’paka dòmi m’toumante
Kay pou m rantre tou ante
M’paka ret san kòmante
Anpil di yo tande, men m’pa janm wè sa yo di
Anpil mwen gen pou m di, men pa gen anpil pou tande

[Chorus]
Ret trankil se remèd kò, men se pwazon pou lespri
Menm lè mwen anvi, enspirasyon fè m pa ka dòmi
Sou tout bout papye plim mwen pa sispann vomi
Lank li dekri sa k’ap pase deep inside of me
Pou sa yo k kouche ta, leve bonè nan maten
Pou sa yo k pa gen dwa malad pou chache kot lavi fè kwen
Yo nan tèt mwen, sa yo mete nan yon kwen
Pwoblèm yo pou mwen, s’on dikte ki pa gen pwen

[Interlude]
Oh oh oh oh oh oh
Wow, kabann mwen pa gen pinèz m’paka dòmi
Shit…s’ak pase la a?
Fò m sispann reflechi…wow damn

[Verse 2]
Moralite ak respè, yo achte sa yo ak twa lèt:
K-O-B toujou santi bon menm lè l sot nan twalèt
Biznis sou tèt mòn nan se pretèks pou yo fè twalèt
Figi Hypollite ak Benjamin sou papye mov oubyen vèt
Twòp bagay pa vle kite m dòmi an pè
Se pa foli preche m’genyen men se pou nou m’pè
Se tout Pòtoprens k’ap viv andan tèt mwen
Se sa k fè nan tèks mwen w’ap wè m g’on pakèt pwen
Nwit lan pa ka pase, m’ap transpire
M’tounen on faktori k’ap bay pwodwi ekspire
Lè m pa an Ayiti li pi fasil pou m respire
Men l plis ke difisil pou mwen enspire
Sa fè moun yo pran m pou entèlektyèl ki san “cible”
Men m’mande kòman yo fè ret “insensible”
Si w pa tande m anba gro yo konn se volim mwen ki ba
Akoz yo bay mizik mwen yo anbago menm jan yo fè l pou Kiba

[Chorus]

[Verse 3]
M’tonbe bwè kleren pou chagren m yo ta nwaye
Men se tèt mwen m’ap plen paske yo tout konn naje
M’telman bwè marengwen ki pike m varye
Nan tèt mwen refleksyon ak degoutans marye
Souvan yo di ke “la nuit apporte conseil”
Men pou mwen m’wè l plis pot yon bann refleksyon san somèy
Sou kote m ye, sa k antoure m e sa m’ta ka ye
Pou m pa varye m’oblije chache plim ak kaye
Yo di m fou, koz gran jounen m’kou Diogène
M’nan tout twou m’ap chache yon moun ak balèn
Anba timoun ap etidye ak balèn,
Anwo tèlman freeze tout moun yo anba lèn
Anba vize anwo, anwo di se anba
Sa plis k’on kochma, yo ban m makak pou m anba
Sa k plis nwim se twòp viv avèk rap ba
M’ap ka dòmi lè pwoblèm sa yo kaba

M’eksplike w sa k fè m pa ka dòmi nan 48 bar