Pou Timoun Yo • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 2:44 PM) 16,426 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Kenbe M' Si W' Kapab
Year: 2011
Featuring: Mikah
Produced by: NiceBeat
Lyrics by: Dug.G

[Verse I (Dug G)]
Ti moun yo se aksan fòs nou le’l vle’l ekri an kreyol
Se yo ki baton vyeyès nou sa se yon gwo parabòl
Si baton an kwochi granmoun yo ap mache bwete
Ann fè yon ti reflechi sou sa’k nan domestisite
Timoun jodi granmoun demen se sa yo toujou di
Ba yo lanmou ba yo lanmen ann ede yo grandi
Sa’k nan delmas,site solèy, bèlè ak lasalin
Sa’k nan palan nan kafou fèy, dè ti podpe nan gran ravin
Mwen di kilè ti sentaniz ap menm jan ak chantoutou
Kilè ti Pòl ap gen yon chemiz ki p’ap yon mil ti tou
M’swete nan tout lekòl yo pou yo aboli fwèt
Pou youn dwe yon parasòl yon swete pou tan frèt
Ki jou ki lè timoun isit ap sispann bwè dlo sal
Ki jou ki lè nan ki minit y’ap jwenn yon lopital
M’swete tout timoun ale lekòl m’swete yo jwenn manje
Si nou fimen nou bwè alkòl n’ap tonbe nan danje

[REFREN]
On vient de chanter
Pour tous les yourts de toutes nations qu’on vient de representer
Chanter pour remonter la pressionc’est a nos yourts qu’il faut penser

[Verse II (Dug G)]
Pouki mwen di pouki timoun lakay pa janm souri
Menm blag ti malis ak bouki pa janm ka fe yo ri
Kilè y’ap sispann pran graten le lot nan gratine
Pran jouman swa, midi, maten lè lòt ap dodine
Gen sa’k pase tout tan yo nan TV ap gade sandriyon
Poutan gen youn k’ap redi di lakay yo k’ap viv an ranyon
Men reyalite a la yo pa gen je pou wè’l
Pito yo lèd yo la, malere pa gen tonton nwèl
Tout sa’k gen timoun lakay chanje fizi zepòl
Sispann fè yo pase tray ann voye yo lekòl
Gen sa’k sou plas yo k’chita pou fimen gòm
Nan sosyete a yo gen plas yo si n’vle yo ka vin òm
Timoun se kanè bank fòk nou pa pè pou’n envesti
Li se yon plim ki chaje lank se ou’k pou di’l sa pou’l ekri
Si’m t’a pran pou’m di mwen konnen mwen pap janm fini
Ou konnen byen nou se avni ou pa ban’n anyen kòm garanti

[Refren]

[Verse III (Mikah)]
Nou vin la pour promoter l’éducation
Car le savoir est une arme qui nous protège de la destruction
Les actes … et le sang fait perdre la raison
Babylone et le vampire qui sucent le sang d’tous les nations
Rasta faray est leur solution
Moi Toussaint Louverture qui en …
Pour connaitre son histoire pour s’émanciper
Apprendre a tous nos yourtes que Babylone nous cache la vérité