Mes Tourments III • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 1:53 PM) 21,942 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Produced by: K.O.LABO Recordz
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Intro]
Kolabo recordz! Mes Tourments chapitre 3
K-Libr Mystik . 48 bars frustration

Saa se pawòl tout ti jenn fanm avèk ti jenn gason
Siw wè yo pase mizik saa nan radio konnen l pa bon
Twòp malpwòpte lavi fèm vale banm dyare vèbal
M ekri mizik saa poum dekri kèk bagay ki fèm mal

[Hook]
Yon fistre sonw moun kip a jwenn sal merite !!!
Ki refize kwè nan yon sosyete k pa bal verite!!!
Touman pam sè ke m pa janm wè sak vle lite!!!
Jouman pam sè ke m pa fè rap ki bay vye lide!!!

[Strophe 1]
Apre souf ak kouraj lavi pat fè fanmim zèv
Ak bri bal m pat dòmi anpè malgre tou m te gen rèv
A 13 zan sou tout bout papye m kòmanse ekri rim
Nèg zòn nan te di m gen foli atis yo tonbe ri m
M vin fè siksè nan rap kèk moun konnenm ak Mystik
Lè m fin fè 7 tan nan fak m chwazi fè konsyans mizik
Men se pa mwen yo bay back up teks mwen deranjan
Piblik la malgre l ipokrit men l pa gen lajan.
Fistrasyon konn fèm gen dout sou tout sa m panse de mwen
B.I.C ak kèk lòt zanmi kapab sèvim temwen.
Ayiti sonw ti peyi ki manje jèn
Ak talan fòs yo fòse jèn 7 sou 7 al fè jèn.
Vanite fin kwaze nan sa m te plis kwè ki se rap
Ak on DJ nan pwogram pwomotè fè plis kòb ke rap.
Zafè sponsò nan rap la vin mete plis diskòd
Ak chak grenn dola yo marel a plis ke 10 kòd.

[Strophe 2]
Nan non pèp bèlè ki ta renmen respire on lòt lè
Nan non zòn mwen kafou ak tout frèm nan geto matisan
Pou ti sèm site solèy kip a janm wè on leve solèy
Track saa senbolize fistrasyon tout sa yap souse san.
Ak yon goud anplis ayisyen pwan lòt pou grapyay
Menm lèw travay se nan tray pou yo baw yon grapday
Lajan eklèsi po moun kou savon “Germicida”
Pwoblèm koulè enfekte sosyete a kou jèm sida
Siw pa sousou siw pa klè lap di pouw jwenn sibvansyon
Polis pa bay nèg nwè menm tertman kou pitit petyon.
Si aprè kanaval ane saa ta pwal gen eleksyon
Tout gwoup rap geto tap jwenn chas an seleksyon.
Ayiti sonw manman k pa kwè nan pwòp pitit li
Paske l sibi kadejak nan menm tròp pitit li
M mande padon a tout moun ke m te blese ou vekse
Nan “Mes Tourments” m pat gen ide “indexé”ou bese
Pèsonn !!!

[Strophe 3]
Si m te konn desann pantalonm antre nan manman kèk nan nou
Ou byen vann dwòg m tap jwenn respè plis ke kèk nan nou.
Pwòp papam rejte m pandan l chwazi jwe 08
Paske m konn li nou jetem pou mizik saa m ka pwan lafwit.
Nan pwòp peyiw ou santiw pi etranj ke aletranje
Ou mèt fòme pi bèl djòb pi gwo kòb isit se pou etranje
Kou MINUSTAH k pa vle wè kabrit ak bouda ti gason
Kontral ap renouvle kanmenm pa nenpòt ki fason.
Jodi a dim ki fyète Dessalines
Si blan ka kalote eksplwate pitit li lasalin.
M fout rayi “revirement” Toussaint
Pale franse pap mennenn lwen menm lè n priye tout sen.
Se kòb pèp ki fè edikasyon m
Dèt mwen gen anvè nou se jistifikasyonm.
Pwovèb la di piton ou lèd nou la
Mwen m di tonnè boulem m fout pito “dead” ke m rete la.

[Outro]
Sa fè m mal Onald Auguste disparèt pa janm gonw bri k fèt
Mwen m gonw tanperaman nèg lise
M pa pwal kanpe devan sponsò avèk figim plise (ok)
Mwen m pa gen foli vedèt m sonw atis
Epi nou tout mèt vin pilem,
Paske mizè nou pi chè pou mwen ke tenis ki nan pyem nan