M Pa Ka Dòmi • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 1:31 PM) 23,766 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Produced by: K.O.LABO Recordz
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

Shit menm pa ka dòmi, ti dòmi pa menm ka pase nan jem. Kyèt m reflechi twòp

[Strophe 1]
Mwen gen twòp sousi ki fè m pa ka fèmen je m
Menm nan nwit nan tèt mwen twòp bagay kap fè bri reveye m
Menm lè sou figim ou wèm kontan men anndanm gonw lo raj
Menm lè deyò a l’fè bon tan anndanm gen lapli loraj.
Kidonk ak plim mwen m deside fè rezistans
Gonw pi gran k te di plis ou gen syans se plis ou gen soufrans
Ant sa n jete e sa nap vale pa gen diferans
Poutan sa nap tande nan enfo ap leve dife rans.
Malpwòpte fojenik, nan je yon popilasyon
Yo bal papye ijyenik, li di se inovasyon
Sonw voksal, vwa yo se deskripsyon
Sonw maladi sosyal, fatra se preskripsyon.
Menm lè m tante, m paka dòmi m toumante
Kay pou m antre tou ante, m paka rets an kòmante
Anpil di yo tande men mpa janm wè sa yo di
Anpil mwen gen poum di men pa gen anpil pou tande

[Refrain]
Ret trankil se remèd kò men l se pwazon pou lespri
Men m lè mwen anvi, enspirasyon fè m paka dòmi
Sou tout bout papye plim mwen pa sispann vomi
Lank ki dekri sa kap pase « deep inside of me ».
Pou say o k kouche ta, leve bonè nan maten
Pou sa yo k pa gen dwa malad pou chache kot lavi fè kwen
Yo nan tèt mwen sa yo mete nan yon kwen
Pwoblèm yo pou mwen son dikte ki pa gen pwen

Waw ! Kabann mwen pa gen pinèz m paka dòmi,
Sak pase laa, fòm sispann reflechi. Waw !!!

[Strophe 2]
Moralite ak respè yo achte sa yo ak 3 lèt :
K.O.B ki toujou santi bon menm lè l sot nan twalèt
Biznis sou tèt mòn nan se preteks pou yo fè twalèt
Figi Hypolite ak Benjamin sou papye mov ou byen vèt.
Twòp bagay pa vle kite m dòmi an pè
Se pa foli preche m’genyen men se pou nou m pè
Se tout Pòtopwens kap viv anndan tèt mwen
Se sa k fè nan teks mwen wap wè m gon pakèt pwen
Nwit lan paka pase, map transpire
M tounen yon faktori kap bay pwodwi ekspire
Lè m pa an Ayiti li pi fasil poum respire
Men l plis ke difisil pou mwen enspire
Sa fè moun yo pwanm pou yon entelektyèl ki san sib « cible »
Men m mande kòman yo fè ret ensansib
Siw pa tandem anba gwo yo konn se volim mwen ki ba
Koz yo bay mizik mwen yo anbago jan yo fèl pou Kiba

[Strophe 3]
M tonbe bwè kleren pou chagrenm yo ta nwaye
Men se tèt mwen map plen paske yo tout konn naje
M tèlman bwè marengwen ki pikem varye
Nan tèt mwen refleksyon ak degoutans marye
Souvan yo di ke « la nuit apporte conseil »
Men pou mwen m wè l plis pote on bann refleksyon san somèy
Sou kote m ye sak antourem e sam ta ka ye
Pou m pa varye m oblije chache plim ak kaye
Yo dim fou koz gran jounen m kou Diogène
M nan tout twou map chache yon moun ak balèn
Anba a timoun ap etidye nan balèn
Anwo tèlman friz tout moun yo anba lèn
Anba vize anwo, anwo di se anba
Saa plis konw kochma yo bann maka pou manba
Sak plis nwim se twòp viv avèk aba
Map ka dòmi lè pwoblèm saa yo kaba

[Outro]
M sot eksplikew sak fè m pa ka dòmi nan 48 bars