La Chronique • K-Libr

ADDED BY DIDIER (FEB 25, 2015 AT 11:15 PM) 14,953 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Produced by: AskaanProd
Lyrics by: Valckensy DESSIN (K-Libr Mystik)

[Intro]
Bonjou tout moun alawonnbadè, byenvini sou KOLABO fm nan jounal « La Chronique » 4-8 bon jan nouvèl.
Pwen kap domine aktyalite a:

Gen on pil jèn aktyèlman ki nan gro chomaj men pa gen okenn moun ki deside pale de sa.
Nap manyen dosye edikasyon pou nou pale de zafè lekòl gratis la.
Dosye politik li make pa revokasyon Gro mistè gouvènman Pòtopwens lan.
Paj ekonomik lan li menm nou pwal pale de chiffre d’affaire Ponp Finèb yo ki pa sispann ogmante.
Dosye ensekirite, Gro lis nasyonal la fè yon gro kout filè, nou pral pale de sa nan jounal sa.
E nap fini jounal saa avèk yon nòt pou la près envoyé par la BD’H.

Mesye dam la sosyete rete branche se pwen saa yo ak anpil lòt ankò, nou pwal devlope pou ou, nan jounal 4-8 La Chronique bon jan nouvèl.

[Strophe: 1]
Gonw bann jèn kap plenyen sak kenbe lavi yo son ti fisèl
Vwala ke yo vann ak tout jòb yo ba yo chomaj kòm sèl
Altènativ, konpayi k achte a kenbe tifi sèl-
Man ki vle bay on kout devan, pou goute on ti sèl
Dosye edikasyon pyès moun pa pale de sa
Pwofesè y ap plenyen yo pa touche men yap peye TCA
Lekòl gratis men elèv ap ekri papa : C A C A
Men rezilta egzamen yo pa di yo pi malad pase sa
Dosye politik, yo revoke Gromistè gouvènman Pòtopwens lan
Pandan l akize Ministè Enjistis lan ki tranpe nan
Zafè prostitisyon ti fanm yo rele Zokiki
Rezidans lan menm di nan la près gen dosye ki pi
Enpòtan tankou Conseil d’Ehec Total Pèmanan an
Ki dwe fèt selon Prostitisyon 86 la ki se manman
Lwa peyi a, ki bay politik la yon manda pèmanan
Pou vann tikal pa tikal peyi a bay Blan mannan

Mezanmi pinga nou deplase, rete branche, nap pwan yon ti poz, nap tounen tou swit.
Nou tounen apre poz la

[Strophe: 2]
Paj Ekonomik lan plis make ak zafè lavi chè a
Pandan sou chèk anplwaye piblik ak prive yap fè reset
Bank Bòlèt yo ankouraje ogmantasyon to chomaj la
Paske plis mizè se plis moun kap pwan chans nan 07.
Mòg yo felisite gro mezi ki pwan pou bay peyi a stabilite
Depi kèk ane “Chiffre d’affaire “ yo pa sispann ogmante
Y ap mande pou responsab yo kontinye bay bal nan Geto yo
Pandan yo ta renmen tou pou yo mwens kontwole chofè moto yo.
Dosye ensekirite : Gro lis Nasyonal la fè yon bèl operasyon
Yo jwenn pami yo Kidnapè ki nan menm Gang ak yon Gro Pwason
Yo pa trete l kou Ti Pyè, Ti Jak, jounalis mande : Poukisa ?
Chèf yo reponn : Se yon ti boujwa ann kase pay pou kouvri sa
Avoka l di: Gran Nèg pa fè kidnapping men pito ENLÈVMAN
Menm jan Pèp fè “SOULÈVMAN” e Leta li l fè “PRELÈVMAN”

Mòtye ki bati chato Boujwa bwase ak san
Pandan se sou vyolans nan Gheto yo mete Aksan.

Pa bliye ou sou KOLABO Fm, wap koute « Chronique 4-8 bon jan nouvèl »

[Strophe: 3]
Nan domèn sante
« Ministè Sant Repiblik » la ap mande Èd Nepalè
Pou y al rekòmanse vide Poupou nan kèk tèt rivyè
Paske ONG nan domèn sante kòmanse bese
Pliske maladi ki fè yo laa fè yon ti regrese.
Peyizan yo mande repons sa fè kèk tan Leta te promèt yo
Sou « MINUSTAH » k ap vòlè kabrit e siklòn k ap detwi rekòlt yo
Lòt kesyon yo poze se pouki yo bare ak gri Kilti
Pa yo ki se Vodou marye avèk Agrikilti.
Fanm yo remèsye chèf la pou 500 goud nan pwogwam « Ti Manman Cheri ya »
Pandan y ankouraje tout ti Jèn Fanm al fè Pitit pou yo Benefisye Èd saa.
Nap fini segman nouvèl sa avèk yon Nòt pou la Près
Par BD’H (Blackout d’Etat d’Haiti) pou tout adrès :
« Nan sousi poun kenbe Idantite nou kòm Peyi Nwa,
Nap bay Sèvis chak swa, Tout Ayiti dwe fènwa.
Dè fwa nan kèk Zòn nap pase met Balèn sou kèk Poto,
Sitwayen ki pran priz sou yo, vin Peye Bill, oubyen nap koupe yo. »

Mezanmi pinga nou deplase, rete branche, nap pwan yon ti poz, nap tounen tou swit.
Mesdames et Messieurs nous allons terminer cette chronique avec cette rubrique nécrologique.

C’est avec peine qu’on annonce la nouvelle de Mort de la Moralité
Survenue après la sortie du slogan Fè Wana Mache
Après la maladie de Corruption Juvénile et de Dévergondage
Longuement supportée, Empirée depuis les derniers Suffrages.
Ses Cérémonies Obsèques seront Célébrées dans nos Discos,
Ses Dépouilles Mortelles seront exposées dans nos Télés et nos Radios,
Principalement aux heures d’Emissions de ses Principaux Tortionnaires.
Que la Politique Culturelle lui soit Légère.
Condoléances a Ami(e) et Famille, La Religion, l’Ecole, ses principaux Défenseurs, Sincères Condoléances

[Outro]
Jounal saa te prezante par K-Libr Mystik fidèl sèvitè w, nan Mise en Onde lan se te 1trepid, e nap di tout moun ala pwochèn, pase yon bon semèn nan men de plan men Papa Bondye Blan Toupisan an.
M Fout Ale !!!