Koze Peyi M' • King-K (Vibe 301)

ADDED BY KINGKVIBE301 (MAY 15, 2014 AT 7:04 PM) 19,209 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: E Fo K' Fe Efo
Year: 2013
Featuring: Rony-V (Vibe 301)
Produced by: King-K (Vibe 301)

[HOOK (Rony-V)]
Koze peyi mwen (2x)
Pouki le m'ap pale l' mwen oblije plenyen grangou
Koze peyi mwen (2x)
Pouki nou menm ayisyen nou pa janm ka met tet nou
Koze peyi mwen (2x)
Pouki le m'ap pale l' mwen oblije site chomaj
Koze peyi mwen (2x)
Pouki le m'ap pale l' mwen oblije di se domaj

[VERSE I]
M'anvi pale men defwa m'santi m'MANKE MO
Tristes anvayi m' m'anvi kriye m'konn santi m'MANKE DLO
Chak fwa m'gade nan PEYI M' jan jenes la ap fin PERI
Nan pye lavi yo pa jwenn yon grenn espwa pou KEYI
Epi politisyen ap batay pou yo JERE POCH YO
Pa gen patri anko tout net lage nan JERE PWOCH YO
Tout plim leve sou do yo depi w' menase POS YO
Ni sak prale, sa kap vini, tout se menm mwen m'fout di FUCK YO
M'bouke, pwoblem politik sa l' BLOKE PEYI M'
Antank rape m'santi m'gen mo pam poum di nan KOZE PEYI M'
Pou pwoblem sosyal ki genyen ou kwe m' ka pale de TENIS
Pou m'ta di m'fre pandan m'grangou, m'fout pito PERI
Ki sante n' ka genyen si yap vann manje sou FATRA
Pou tout pitit peyi a nap chache yon bon PAPA...
K'ap plis patriyot ke POLITISYEN
POLITIK CHEN...
MANJE CHEN an lap rejte la met peyi n' sou GRAN CHEMEN...

[HOOK (Rony-V)]

[VERSE II]
Pandan politisyen ap batay pou entere pesoNEL YO
Anpil moun ak kriye men yo pa janm ka tande REL YO
Kite peyi ayiti se pi gwo REV YO
Paske yo we pa gen moun kap panse pou pwoBLEM YO
Yo endinye, paske chak fwa yo tranpe DWET YO... Se FRET YO
Yo toujou ap viktim kou TRET YO
Yo pa janm jwenn sa yo pwoMET YO
Ala traka pou yon mas PEP, OH
Si pat gen God le konsa tout tap touye TET YO
Lavalas vle bwote sa Bondye te sere POU NOU
Pandan jouskaprezan peyizan ap tann repons TOUJOU
Ils nous divisent afin de pouVOIR REGNER
Ce que j'dis c'est la verite mais l'ONU sauRA LE NIER
Jis kile n'ap konprann ke divizyon n' se BIZNIS PA YO???
Nou pa santi n' okipe le n' we ajan MINISTA YO???
Si peyi n' nan eta sa an nou chak di ke:"se FOT PA M'"
Youn sispann chache febles lot ann met ansanm pou nou jwenn FOS LA

[HOOK (Rony-V)]