Ma Dope • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:20 PM) 20,108 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Ouragan

[Strophe 1 (K-Libr)]
Li pot non apre manmanm ki tatouwe sou kòm
Pa di non si yo diw pou li m ka touye poukòm
Anplis fòmasyon li fè m chanje konpòtman
Sous fistrasyonm konsa tou l ban m kontantman
Li tèlman gen bèl fòm se tout tan l banm “feeling sex”
Se sèl fanm ki banm anvi mete l san “latex”
Se pa nan yon ti kal teks, m ka mete l an konteks
Apre l pa gen “next” sa l fè m santi a “complex”
Li anvayi m ak sansasyon ak on mariaj sans ak son
Li oryante sans aksyon m, pou mwen li sonw pasyon.
Depi l bò kote m move tan tounen prentan
Li fè m santi m gen 20 tan, pou nou fè li nanpwen tan.
Anpil moun te pale m yo di msonw fanm ki dejwe
Men plis yo pale se plis yo banm ide jwe
Plis nan won sant li, se bon sant li
Kif è m “love” anba vant li, ret anba tant li

[Refren]
Ou gen sanw nan sanm mwen gen sanm nan sanw (bebe)
Ou chanje vim,
Ou chanje…
(M rete kwè nan kèw se menm sansasyon an)
Destine m
(ma dope 4 fwa)
(M vle poun rete ak toujou menm pasyon an)
(Koz ou se dope mwen 4 fwa)

[Strophe 2 (Ouragan)]
Se fanm saa k fè lavi m pa gen tou li k banm “power”
Nan vi m li sonw etwal li la maten tou menm siw pa wèl
Siw ta wèl ! Kwèm sou pawòl
Lè m sot nan solèy pou vizaj swè m nan li se “towel”
Li se pi bèl “chics” “dans ce monde là” avèm li soude la
Wa di se kandelam lèt vonvon nan lapatèt “cerf volant”
Li se “l’eau de la vie” m, avèm lap ye “dans l’au de la”
“Allé! Demande-la” afèl l ap diw li pa “front” ak “cerveau lent”
Pou li m vle sèvi nap pye asire l toujou pwòp
Kache l de sa k vle kase kè l piye l sa sèlman yo pwòp
Pa jou, nou fè plis sèks ke tout mond lan
Richès ak kalite fanm wap chache yo tout anndan l
Si se pa laj ou, non ou pap konpwann lè m di gen yon tou k anndanl
Tout nanl se “muse” lè m konekte m jwenn tout anndanm.
Nou tèlman fè sa byen, yo relen “porno star”
Ke lkarès ke l se “va et vient”, nou briye tankou “star”

[Strophe 3 (K-Libr)]
Lè m manyenw rele fò bebe fè tout moun konn non m
Map fè efò pou egri al mache di ou gen yon nonm.
Ou se son kèm kap bat, rezon k fè map “fight”
Ide k fè m ret “tight”, pou gide m ou se kat.
Sonw pwezi k sot nan kèm ke m mete an chanson
M ap lage li koz “Ricky” banm yon mechan son
Ki fèt ak yon son “Ansy Derose”
Poum diw m pap janm pwan poz, sou ou m ap vide roz

[Ouragan]
Poum chante san parèy bote w, m vle pou m “Sebastien Bach” ou
Pou l nan tout aparèy di jan m pwan “feeling” nan sen bak ou.
Vizaj ou pap konn pla men m, vwa poum ta mete l anba kou w
Nan nwit kou lajounen mwen vle gen piwouli m nan bak ou.
“Love” wap banm chak jou a fòm ta fou poum dil se lò
Dyaman m jwenn nan jadenw lan non jamè m pa ka di m pòv
Ou se nanm mwen, vant mwen, fanm mwen, tout sa ki nan mwen
Kinan mwen tann mwen, avèw m pa panse ak tan menm