Overdose • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 29, 2021 AT 3:18 AM) 602 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Fantom, Dade, Izolan, Brital, Condagana, Papa Katafal

Refren
Banm mizik mwen, rap kreyòl mwen
Bon son kik mwen, pou m ret nan wòl mwen
Anvayi, m pete tenpan ak desibèl san poz
Adrenalin Ipap nan san m jiskaske mwen fè ovèdoz

[Fantom]
Doz nou over pou n act tankou Dany Glover
Koz nou fokè po n black e nou trè tapajè
Beat Hype la cho skill, stil, nap show liriks, rimes, flow
Nou pi hardcore, shut the fuck up nigga
Fyète m se paske mwen nan BC
And I know santral rap la se nan BPC
Rap la swe pou mwen, pou li m prè pou m chanje chemiz
Ladan l ke mwen kwè menm jan pèp izraèl te kwè nan Moyiz
Pou li m se Mannwèl e pou mwen l se sèl Anayiz
Chak fwa m gade manmzèl nan je, sou djòl li m ta ba l on biz
Koz ki fè, mwen love li konsa, m pran swen l konsa
Se li k fè mwen regen lespwa, m regen lafwa
E si m pat la tou kafe m t ap koule ak ma
E sim pat sa tou: rapè, m tap twò anreta
Se li ki premye reflèks mwen
Li k banm bann pou sèks mwen
Kwè m nigga, se li k okouran de tout vye mès mwen

[Dade]
Lanndan m, lanndan m wi li toumante m
Pandan chak jou m chache pouki se li k ap konfronte m
Kite m afronte san min nan fwon m yo pa fonse
Jan rim nan tèt mwen ajanse
W a di son cha blennde k ap kablennde
Site non m, site non m, fè m konnen mwen la [Daaade!!]
Lè m sevre kòb mwen ak tan m dji m fè yo pou rap
Mwen chita lakay mwen tankou m pa ni ka fè bri
E m pa ni pè baby
S on frison sou po m ki paka touche dra
S on misyon k tou koz ou paka touche m mal
Pou w pati se sou klòch, menm pou w pake fò w gen 2 ròch
Apre n fin ba Ipap bourad kouny fòn fon jan pou n byen mennen l
Nan pa ekri, mank volonte, pwòp nan nou konn fout gagannnen nou
Rap la se ba l bò pa l, apre nou pa gen lòt moun k ap ba l bò pa l
Dòz mwen ap fout bese, nèg dèyè m yo ede m. Yo! Fè plis skandal.

Refren (2x)
Banm mizik mwen, rap kreyòl mwen
Bon son kik mwen, poum ret nan wòl mwen
Anvayi, m pete tenpan bay desibèl san poz
Adrenalin Ipap nan san m jiskaske mwen fè ovèdoz

[Antresoti: Brital & Izolan]
Woy! Woy! Man, men m santi m ap fou
Mwen menm tou man, m santi tèt mwen lou
Kyèt! Fò di m santi sèvo m depase limit la (Eeeeey!)
Fò m pran san m pou m pa kouri kite beat la
Nou fè ovèdoz, pa mande n pouki koz
An-Han ! Nou gen doz, se sak fè rap nou doze
Beat nou wo, wo. Nou gen flo, flo.
Nèg geto bòs, nou ka blow-blow
Jan n fè l la gen moun ki panse n fimen poud bal
Se pa sa, Sa se Izolan avèk Brital
Yo ! Dope sa, rap la sòti pou l bloke kè m
Ou mèt kwè m nou pap stop guy, menm lè n ap rann flèm
Pou w gen rekò nigga fòk ou fè efò
M te di w pa vin ouvè kò w, anfas nou w ap toujou antò
(Ye !) Avilisman tifi fidèl se gròs
Barikad Crew pa an koulis se sak fè fan yo gen fòs

[K-tafal]
Pou rap la m dan---bang
……..
Barikad Crew se sèl mwayen pout tèt mwen pa gang
Koz rhymes ....
Mwen bezwen l tou, menm jan mwen bezwen manje pou grangou
Ak rap la m dan, san doz mwen an bon m pa vle lòt depi gen rap san
M ap kraze brize, kase plis ke
Beat sa konnen ke mwen kon fwase fistre

Refren
Banm mizik mwen, rap kreyòl mwen
Bon son kik mwen, pou m ret nan wòl mwen
Anvayi, m pete tenpan ak desibèl san poz
Adrenalin Ipap nan san m jiskaske mwen fè ovedoz