Pa Koupe Bwa • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 7, 2021 AT 10:09 AM) 691 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Condagana, Dejavoo, Bricks

Refren [Kondagana & Dejavu]
Si n ap koupe san plante bwa
Tout tè k nan mòn ap degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale
An n plante bwa
Linyon fè lafòs n ap pwouve l
Bwa!
Fouye tou pou n plante patou, patou.
Mete bwa
Pou tè k nan mòn pa degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou k pwale
An n plante bwa
Linyon fè lafòs n ap prouve l
Bwa!
Fouye tou pou n plante patou, patou.
(Mete bwa.)

[Dejavu]

Dejavu
Mesaj alanasyon, n dwe koute, yon koze ki trè rijid sou bwa n ap koupe
Wè, se vre debwazman an sechrès l ap koze
An n fè souple rebwazman an se fòs l ap pote
Tout jèn kou vye, an n monte lan mòn n al plante
Figi peyi n k ap degrade pou n al rekanpe
Ak konsyans nou, dwe gen kòm randevou
Pran pikwa pou n fouye trou
Mach ak plant pou n met nan tout
Ka g on chans pou tou egou
Bwa se lavi, sikonstans pa dwe fè w koupe l frè m pou w brase lavi
Si konsyans pa touche lè w fè sa, m kwè sa se lacune
Si bon sans pa fè n wè malè sa m kwè n va fè la une
Gen deja kòm egzanp: fon Vèrèt, Gonayiv
Yon karans bwa te bay yon kay an nwa
Yon katastròf ki fè kriye, rele koz karans lwa
Pa koupe bwa, bwa pot oksijèn
Pouki n ap koupe, koupe san n pa plant on fwa

Refren [Kondagana & Dejavu]

[Bricks]
Voye je w nan mòn w ap wè se mazora li ye
Tèlman ayisyen koupe bwa yo ak vorasite
Gon lè m pa kwè n ap gen tan pou n gentan pare
Priye Bondye pou pa lage n nan kouri
M ap fout parye si w te plante w pa t ap pale de mouri
Si nan de twa zan ou ta remen pou lanati fleri
Fò w fè rebwazman si w ta renmen w g on Ayiti cheri (Fow fè l!)
Fò w kont debwazman (Men n ap mennen avan lavi n peri)
Fò w fouye bwa patou, nan nenpòt tou
E sa se devwa pa w tou, e m vle fò ou ta fèl jis avan lanati peri
Ayisyen jwe ak lavi n nan fè sa ki pa bon
Yo jete fatra nan ravin, koupe bwa fè chabon (Sa pa bon.)
Lè w panse koup on bwa plante 10 pito
E w genyen kòm devwa fè l nan plis vil yo
E ou wè nan biznis yo, antre acht on fou e panse ak yon jou
Si w pa gen gwo bwa djanm kanpe (ki byen du!) ki pou bare dlo (siklòn ap bare n)

Pa koupe bwa
Fò w bay lavi, jan lavi dous frè m
An n met lebra
Pou proteje sante n pa bliye
Fò n plante bwa
Pou anviwonman an pa degrade
N ap koupe bwa
Gen danje

Refren (2x)

Dejavu: Pa nenpòt bwa non man. (Pa koupe bwa.) Plante mapou, figye (An n plante bwa.), gayak, bon bwa. Bwa k bay fwi yo (I&I). E sitou pa bliye primyo, lila... (Mete bwa.) se seche yo seche dlo. E n bezwen dlo pou n bay bwa.