Nou Vann [Kanaval 2020] • 45 Soldiers

ADDED BY DIDIER (FEB 9, 2020 AT 11:05 PM) 4,318 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2020

Fanatik fofa nan foul la leve men n ale balanse l fem tande n di o yeah(oyeah)
Depi 2008 nap lite anba mechan yo, 2020 nou tounen yo fache

(Wi nou la) Malgre pwoblem peyi n
(Kenbe la) koriptè anvayi n
(Wi nou la) eske w pa we nou vann
(Kenbe la) Fyèl nou yap fe nou rann

(Pitye, pep la mande pitye) Nan men mesye politik yo
(Pitye, pep la mande pitye) pep la di pitye

Neg yo melanje diyite moralite
Yo fè bouyon ave l pou vann nou vann
Neg yo vann peyi bay blan mete kod nan kou
Pep la tankou bet yo pann nou vann
Saw tande a tou
Minis machann, senatè machann, depite machann
Yo vann boujwa peyi a portion
Jounalis machann, atis machann, media machann
Machann micro, machann information

Nou vann sa k’ raz ni sak presye,
Sak pou nou ni sa n’ prete
N’ koze yon pket aksyon demen nou ka regrete
N vann Sak chè pou peni
Lamizè nan meni
Nou vann nanm nou pot ciel nou se airport kenedy
Aah wiii nou vann vodou pou n achte christianis
Tout lòt nasyon nan mye pale nou still nan ti malis
Se paske pa gen tet ki fe jenes la ka vann kò l’
Nou pran gòl a men nan men politisyen yo

Fofa son boul dife (ou pap k manyen)
Yon fenomèn (ou pap ka konnen)
Se travay nou a Pouvwa fanatik yo k’ (makonnen)
Devan poblem (nou pa kraponnen)
Flo nou tight (se pa kalonnen)
Pa oze, touche piti wa kankannen!paske
Devann tro cho ,deye n’ tro cho ! A goch a dwat
Paske nan mitan son dife k’leve!
Devann tro cho,deye n’ tro cho agoch a dwat Fofa nan mitan son Dife

Si w’ tandonw van kap vini, ( wou) yon van kap vini
Fofa deplwaye ak lari a n vinn fini
Si w tandonw van kap vini (wou)
Fanatik fofa yo k sou granri a
Pami yo granmoun, timoun, blòdè ak limenna, gen sexy gen gwi dada kap fe chawa
Yap danse yap vire
Mayo anlè
Chemiz anlè
Mouchwa anlè
Soutien anlè

Leve mayo vire y’anlè
Vire mouchwa yo fe tònad
Vire chemiz yo fè elis
Vire y’anlè, vire y’anlè

Nou pare? (Nou pare)
Ti mesye nou pare? (Nou pare)
Channmas nou prale (nou prale)
Granri nap monte (nap monte)

Se la medam yo ka pote n’ sou do (ka pote n’ sou do)
N’ap refè ka madan Brino (Refè ka madan Brino)
Se la ti medam yo ka pote n’ sou do (ka pote n’ sou do)
N’ap refè ka madan Brino (Refè ka madan Brino)
Vini m’ monte do w’ Jenny
Monte do Stephanie
Samantha vinn mete m’ anlè
Manman Doudou a pap kite m’atè

Ann ayiti lè pep tonbe, pou limanite se pa krim
Dèye kreyak ak maryani, jèn yo pran bal, jèn yo viktim

Eske je neg yo bande
Konsyans yo manke
Pran poz se ed yap mande
Riches yap sanble

I’m in the bando
Fofa in the bando
Tell’em that i’m in the bando
Douge in the bando
Depi nou la rastaman yo ka pete
Depi nou la tout timoun yo ka fete
Bozenks bay medam yo van pou vire ren
Fanatik 2 bra anlè n’ pral frape men

Ouve men goch ouve men dwat( frapel 4x)
Ouve men goch ouve men dwat( frapel 2×)

Fanatik fofa yo kontan yo pat k tann nou te lage
Ni Sak vini ni Sak ave n’ depi lò n! Te demare
Y’aji kou fou,vle plezi jouk lijou!
Yo dekontrole 2men nan tet tonbe rele
Dpim nan Fofa se kriz se fou m fout fou
Dpim nan FoFa se kriz se pa sou m fout sou

Mon frè, si nan bann nan w’ ta wè 1 lòt nèg a fanm ou
Masè, si nan bann nan w’ ta kwaze 1 lòt fanm a mari w’
Pa fè vakam
Pa ajite
Mete kran rive sou li gade l’ nan je,
Ba l’ lanmen di l’ edem jere

Dyaz la pran on lot nivo
Taye yo san sizo
Yo tap bay dlo sikre
Men Fofa vin ak ji kole

Fofa son ji papay (ba yo l pwes pwes pwes)
Woy, dyaz sa son ji korosol (.....)
Fofa son ji kachiman (....)
Prodiksyon nasyonal la (kore l yes yes yes)

M ta voye m pa konn kiyes kap pare( mta voye
M ta voye m pa konn kiyes kap pare(nan mitan foul la m ta voye)

M ta voye m pa konn kiyes kap pare( mta voye
M ta voye m pa konn kiyes kap pare(nan mitan foul la m ta voye)
Mta voye m pa konn kiyes kap pare(Pou ti medam yo m ta voye)
Mta voye m pa konn kiyes kap pare
Mta voye kepi( mta voye 2×)
Mta voye mouchwa( mta voye 2×)
Mta voye mayo( mta voye 2x)
Mta voye lajan pou kè pep la kontan
M ta voye m pa konn kiyes kap pare (4×)

Nou lit (nou lit)
Nou drip (nou drip)
Nou red ( nou red)
( ke dyaz sa w paka pi move)
Nou danje (nou danje)
N anraje (n anraje)
N dedouble (n dedouble)
Prensip lari a e nou l ye, e nou l, e nou l ye, e nou k papa e nou l ye, e nou l ye, e nou l ye
Wa eskize nou siw mouye, siw mouye, siw mouye, eskize nou siw mouye, siw mouye, siw mouye
Si peyi a poko mouye (di yo men fofa)
Si lari a poko wouze ( ......)
Si granri a poko lave (.....)
Pakou a son dezè fofa fè dlo pete ladann
Lapolis mouye (dlo)
Ofisyel mouye (..)
Machann mouye (...)
Moun sou stang mouye (djaz la lave peche yo) Dlo
Fanatik mouye (dlo)
Lojistik mouye (dlo)
Tout moun mouye
Lè yo nan Fofa peche yo lave, kè yo lave, pwoblem yo ale
Lè yo nan Fofa peche yo lave, kè yo lave, pwoblem yo ale

Fofa se chef (fofa se chef)
Sel komandan (sel komandan)
Lè moun yo we l (lè moun yo we n)
Se komanman (se komanman)

Lè komandan lari a di gaye
(Gaye, gaye, gaye, n gaye)
Lè komandan lari a di vole
(Vole, vole, vole, n vole)