Chire Filè A [Kanaval 2020] • Ekip

ADDED BY DIDIER (FEB 5, 2020 AT 11:55 PM) 5,464 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2020

Eyapa eya papa
M ap kite Canada
Eyapa eya papa
M ap kite Miami tout bon

Bon lopital ak wout mwen tap tann – pou m tounen viv nan peyi m
Edikasyon kouran mwen tap tann oh – pou m tounen viv nan peyi m
Mwen fè yon rèv – hein
Mwen fè yon rèv – sa l ye
Peyi m tounen yon paradi
Mwen fè yon rèv, yèswa mwen fè yon rèv
Mwen nan avyon tèt dwa pou Ayiti
Mwen fè yon rèv oh yoyo yoyo
Gade kijan chagren m fini

Eyapa eya papa
Pa rele m dyaspora

Ayiti se ou menm li ye se mwen menm li ye
Mete ponyèt
Se mwen menm li ye se ou menm li ye oh
Mete ponyèt mete ponyèt oh

Eske kraze brize – non
Ap koz nou delivre – non
Eske mache boule – non
Ap mennen n yon kote – non

Moun Potoprens, moun Okay, moun Okap moun Gonayiv de men anlè
De men anlè pou nou chante konsa

Leve Patisipe, leve patisipe
Leve de men n anlè - Leve patisipe
Ann rekonstwi peyi a - Leve patisipe

Moun Pòdepè, moun Senmak, La Plaine du nord de men anlè
De men anlè pou nou chante konsa

Leve Patisipe (4x)

Oh oh oh oh oh – comme il faut
Oh oh oh oh oh
Eya eya eya

Richard Store Si n vle sa chanje – frape men nou
Sumfest si n vle sa chanje – pla
Frape men nou – pla pla
Si n vle sa chanje se ekip li ye tonton

Bagay sa s on match foutball
Vise kranpon w nou pral fè gòl sou yo
Bagay sa s on match football
Balon santre nou pral chanpyon sou yo

Ti pas a dwat pou leta – pase boul la
Ti pas a goch pou boujwa – pase boul la
Ti pas a dwat pou klas mwayèn – pase boul la
Ti pas devan pou pèp la

Se tande m tande koripsyon se sèl gadyen ki kanpe nan kan

Bèlè choute chire filè a – bow
Cite Soleil choute chire filè a – bow
Petion-Ville choute chire filè a – bow
Raboto choute chire filè a – bow

Ti Regi plenyen pou pèp la
Ti pèp la pa egare (3x)

W ap mache di w bat Shabba ki bò sa
Ki bò ki bò w ki bò w te pase (3x)
Ala on gason je chèch oh

Se nou tout ki wè
Ou son ti blofè ou tonbe nan fè makak
Ki mele m ki mele m ak Bèto k ap fè makak (2x)

Ou mèt monte otè yo vle – ou pa ka jwenn ekip
Ekip la s on rezo, antènn nou branche wo

Ayiti men ekip peyi a nou branche
Fanatik fanatik ekip la nou branche

Vire men dwat la – monte
Vire men goch la – monte
Antèn anlè chache rezo

Antèn anlè
Monte de bran ou chache rezo – antèn anlè
Moun devan cha yo chache rezo – antèn anlè
Moun sou stann yo chache rezo – antèn anlè
Wap chache bon sinyal – ouvè fèmen

De bra – ouvè fèmen
De bra
Ouvè fèmen (8x)

Ekip la tou chanpyon (4x)

Vagabon anvayi djaz la
Lè yo pa jwenn sinyal yo rale zam yo tire – bow

Anmwey rele lapolis
Banm sekirite
Sendenden nan ekip (4x)

Ekip la tou chanpyon (4x)

Ayiti men ekip peyi a nou branche
Fanatik fanatik ekip la nou branche

Vire men dwat la – monte
Vire men goch la – monte
Antèn anlè chache rezo

Antèn anlè
Monte de bran ou chache rezo – antèn anlè
Moun devan cha yo chache rezo – antèn anlè
Moun sou stann yo chache rezo – antèn anlè
Wap chache bon sinyal – ouvè fèmen

De bra – ouvè fèmen
De bra
Ouvè fèmen (8x)

Ti Bèto m ap rete on pongongon pou ou pou lavi m pap kite pou ou
Se ou k pou kite pou mwen

Al lave l
Ou antre nan kay – oh oh
San dezabiye w – oh oh
Ou monte kabann ak boyo w tou sal
Ti Bèto sa twòp
Al lave boyo w
Ti Bèto al lave boyo w

Woy lave boyo w
Mache cha
Chawa pete, pete chawa
Gad on ekip, gad on ekip oh oh oh oh