Debloke Peyi A [Kanaval 2020] • Harmonik

ADDED BY DIDIER (FEB 8, 2020 AT 7:43 PM) 3,278 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2020

Debloke peyi a (3x)

A la on peyi ka fè teyat oh
A la on peyi ka fè grimas oh

Lendi m al travay - Madi peyi lòk
Mèkredi m al travay – Jedi peyi lòk
Vandredi m al travay – nou pakab ankò
Nou fout bouke

A la on peyi ka gen dezòd oh

Lendi m al travay - Madi peyi lòk
Mèkredi m al travay – Jedi peyi lòk
Vandredi m al travay – nou pakab ankò
Nou fou bouke

Si w vle peyi w debloke – leve men w anlè
E si w ta vle peyi w mache – leve men w anlè
Leve l anlè (4x)
Leve l pi wo

Debloke peyi a
Vire kle yo vire

Ou pa ta lage n konsa – oh senyè (4x)

Si son mal nou fè, nou mande padon (2x)

De men n anlè pou n debloke peyi a

Debloke peyi a
Vire kle yo vire

Jenès peyi a gen pwoblèm Sandoudou pale pou yo

Oh oh oh oh oh oh

Hey sa pa deranje si nan li ou pran feeling
Sa pa deranje si avè l ou vle tchuiping
Sa pa deranje si nou tou de vle fè sa
Sa pa deranje si avè l ou vle tchatcha
Sèl sa m ap mande se
Pwoteje pwoteje tèt ou

Met chapo – pwoteje tèt ou
Met chapo – mete sou tèt ou

An pote kole pou Ayiti dekole
M vle wè tout moun de men sou tèt

Men deblozay

Si pat gen maladi nan bagay sa
Si pat gen fèt pitit nan bagay sa
Ah wi m tap lage orijinal
On fwa l ye

M konnen l pi dous konsa

Wi li fout dous tankou Harmonik
Depi djaz sa lage – mwen sou gouye

Gouye m anvi gouye
Gouye gouye m anvi gouye
Men mwen pa ka gouye poukont mwen

M pa ka gouye poukont mwen
Prete m yon moun

Lè m gade devan – m pa jwenn
M gade dèyè – m pa jwenn
Lè m gade a dwat – m pa jwenn
M gade a goch – m pa jwenn

M oblije gouye dans le vent
Gouye dans le vent

M oblije reziye m
Reziye m

Si w vle peyi w debloke – leve men w anlè
E si w ta vle peyi w mache – leve men w anlè
Leve l anlè
Leve l pi wo

Debloke peyi a
Vire kle yo vire

Ou pa ta lage n konsa – oh senyè

Si son mal nou fè, nou mande padon

Si pat gen maladi nan bagay sa
Si pat gen fèt pitit nan bagay sa
Ah wi m tap lage orijinal
On fwa l ye

M konnen l pi dous konsa