Met Prezan [Kanaval 2020] • Maestro

ADDED BY DIDIER (FEB 9, 2020 AT 2:33 PM) 3,752 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2020
Featuring: Tonymix, Team Madada
Produced by: Ti Ansyto

Di yo sa, nou sonnen on lòt jan

Kanaval s on tradisyon Ayisyen pa negosye
Granmoun timoun kontan kou larye, plezi gaye

Fè m tande se - Wololoy
Se se - Wololoy

Maestro, Team Madada, Tonymix mobilize
An nou tout pote kole pou Ayiti dekole

Fè m tande se - Wololoy
Se se - Wololoy

Energy
Sa li ye
Anmwey
Ann ale

Depi lafimen ap monte – met prezan pou Rastaman
Depi w tande tanbou frape – met prezan pou Ayisyen
Depi w wè limena nan zòn nan – met prezan pou ti blòdè
Depi w tande chawa pete – met prezan pou Tonymix
Tonnerrr

Tonymix Maestro Team Madada nan zòn nan
Di yo sa (2x)

Depi w tande gen livrezon – met prezan pou chofè moto
Depi w tande tanbou frape – met prezan pou Ayisyen
Depi w wè limena nan zòn nan – met prezan pou ti blòdè
Si w tande nou sonnen on lòt jan – met prezan pou Maestro

Se – ay (4x)
Pa ka vole
Pa ka vole (8x)

Kepi sa ki fè tèt ou cho a – leve l anlè
Mouchwa sa ki kenbe nan men w lan – leve l anlè
Drapo sa ou kenbe sou stand nan – leve l anlè
Mayo sa ou santi ki fè ou cho a – leve l anlè

Vire yo, vire yo (3x)

Vire
Vire yo

Maestro sa s on bonbòn gaz si w limen dife pre l w ap fè l eklate – bow (2x)
W ap fè l eklate – bow (2x)
Eklate – bow

Tonymix sa s on bonbòn gaz si w limen dife pre m w ap fè m eklate – bow (2x)
W ap fè m eklate – bow (3x)

Kot twonbòn nan
Ann ale
Ann pote kole pou Ayiti ka dekole

Kite m ale
Nan Maestro cheri na gentan pale

Oh oh oh oh oh oh oh
Nan zafe peyi lòk sa timoun pa ka al lekòl sa li lè pou sa chanje – woy woy woy woy
Ti manmi nan bann nan ti cheri nan bann nan si w vle pou sa chanje – woy woy woy woy
Se nou ki pou antann nou, peyi a konte sou nou li le pou n avanse – woy woy woy woy
An nou ranmase fòs nou pou n fè tande vwa nou si nou vle dekole – woy woy woy woy

Moun a goch yo fè – woyy
Moun a dwat yo fè – ah
Soti li a goch – ohhh
Rive li a dwat – ah
Balanse mwen di – oh oh oh oh ah
Balanse