Tou Limen [Kanaval 2019] • Kreyol La

ADDED BY DIDIER (JAN 30, 2019 AT 12:41 PM) 6,620 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019

Ann chita pale pou Haiti

Si n ta chita ansanm pou nou fè yon bilan
Eske n tap bat bravo di konpliman
Aprè tout sa nou fè pou n vin endepandan
Jikounya m pa ka viv an konpleman men kòmanman
Reyaksyon n konn dwòl vrèman
Nou boule kawotchou nou boule moniman
An nou sispann pèdi tan
Mete fòs nou nan sa ki pi enpòtan

Nou pa gen izin menm jan ak peyi lachin
Men n gen koulin ann met men nan agrikilti n
Nou pa gen petwòl menm jan ak Dubai
Men nou gen fòs ann met kouraj pou nou travay

Si nou vle ankadre moun kap plante sekle wouze
Nan plas bidonvil yo tout moun tap ret nan vil yo
Si nou pa konplekse nan vle sanble sa nou pa ye
Nan plas ti sourit la nou tap fè konbit la ye

Ey eya ey eya (2x)
Si w kenbe do m m ka kenbe do w pou moute ray la
Ey eya ey eya (2x)
Na rive lwen si nou mache tankou on ti tren

Pa chache m anlè cheri, atè a m ye. Men tren an

Ti bredgen ou wè k devan w lan – kenbe do l
Bèl ti madmwazèl devan w lan – kenbe do l
Si w ta wè on polisye nan bann nan – kenbe do l
Pa pouse pa pile (2x)

Ou ka mache – atchoukichou
Ou ka kouri – atchoukichou
Se tout peyi a ki prale – atchoukichou

Atchoukichou tchoutchou
Kreyol La lage li lage manman
Atchoukichou tchoutchou
Atchoukichou kitchou kitcha
Atchoukichou tchoutchou

Gad jan m klere kou on solèy
Kijan w wè m – tou limen
Gade m klere kon projektè
Kijan w wè m – tou limen

Fanatic yo – leve mayo
Fanatic yo – leve drapo
Vire yo tou limen
Vire mayo yo – tou limen
E chemizèt yo – tou limen
Vire drapo yo – tou limen
Vire yo – tou limen (4x)

Profèt la te di sa
Wi profèt la te di sa
Jodya a w black demen w grimo
Men Rigolo koulè Tidjoe
Profèt la te di sa
Wi profèt la te di sa
Limena gen douz mennaj
Pifò ladan l chofè moto
Profèt la te di sa
Neg ki nan pran fanm sou facebook
Yo gen pou leve on lougawou

Pa fache pa fache
Lavi twò kout tande
Se kanaval li ye
An fanmi fòn fawouche

Pandan bann nan chofe
G on vagabon k antre
Yo dwòl yo menm sou moun
Se tande w tande bouy

M pa bezwen nan diskisyon
M pa bezwen nan tripotay
Pandan map danse nan bann nan
G on blòdè k pete
M pa bezwen nan diskisyon
M pa bezwen nan tripotay
Pandan map danse nan bann nan
G limena k pete

Leve kepi leve mayo – fè van
Prete m on sèvyèt – fè van
Li mèt on chemizèt – fè van
Madame ou mecha – fè van
Mesye w malonèt – fè van
Fè van pou mwen – fè van
Prete m on fèy kaye – fè van

Ti bredgen ou wè k devan w lan – kenbe do l
Bèl ti madmwazèl devan w lan – kenbe do l
Si w ta wè on polisye nan bann nan – kenbe do l
Pa pouse pa pile (2x)

Ou ka mache – atchoukichou
Ou ka kouri – atchoukichou
Se tout peyi a ki prale – atchoukichou

Atchoukichou tchoutchou
Kreyol La lage li lage manman
Atchoukichou tchoutchou
Atchoukichou kitchou kitcha
Atchoukichou tchoutchou

Gad jan m klere kou on solèy
Kijan w wè m – tou limen
Gade m klere kon projektè
Kijan w wè m – tou limen

Fanatic yo – leve mayo
Fanatic yo – leve drapo
Vire yo tou limen
Vire mayo yo – tou limen
E chemizèt yo – tou limen
Vire drapo yo – tou limen
Vire yo – tou limen (4x)


BIOGRAPHY
  • Kreyol La est une formation musicale haitienne, jouant exclusivement du Compas, le rythme haitien le plus populaire, dans toutes ses variantes et toutes ses couleurs.
    Créée en 2005, á Pétion-Ville, Kreyol La est le fruit de certains membres issus du groupe Konpa Kreyol. Au début des années 2000, Konpa Kreyol était considéré, á raison, comme le porte-parole par excellence de la jeunesse haitienne, ce qui lui a valu le pseudo "Jazz La jenès la". Dans un ton original, alliant rigueur et humour, et utilisant la cadence tantôt douce tantôt " up tempo " comme courroie de transmission, Konpa Kreyol savait relater les problèmes des jeunes et de la société, en générale, avec art et méthode.