I'm In Love • Enpekab

ADDED BY PHKATHIUS1 (JUN 21, 2019 AT 4:15 PM) 7,374 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: No New Friends
Year: 2019

PB Music
P Mike again
En, En, Enpekab

[Verse 1]
M’pa konn ki ti non pou’m bay love sa ankò
S’on bagay nèf
Mwen g’on jan lè’m kanpe pou fanm mwen poste
M’renmen sa nèt
Mwen paka eksplike’w jan fanm sa move
Men fò’w ta wè’l
Mwen jwenn yon fanm ki pran’m ak tout sa’m genyen
Li chanje vi’m

[Chorus]
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
Ki ka menm jan avè’m

[Verse 2]
M’pa konn sa pou’m ta ba’w pou jan’w fè’m santi’m
S’on bagay nèf
Ou mete’m nan first class, ou ban’m tout valè’m
M’renmen sa nèt
Si’m ta pran tan’m pou’m eksplike'w sa’k nan kè’m
Mizik sa ap twò kout
Mwen jwenn yon fanm ki fè’m konprann m’son vrai prince
Li chanje vi’m

[Chorus]
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
Ki ka menm jan avè’m

Mwen pral ba'w yayad la
Mwen pral ba'w yayad la

[Bridge]
Cheri m’pral afiche’m avè’w
Pou’m rele zanmi’m yo m’fiyanse
(Sa ki pa gen rad pou yo achte rad)
(Sa’k pa gen soulye, pou yo achte soulye)
Cheri m’pral afiche’m avè’w
Pou’m rele gran sè’m nan, m’pral marye
(Sa ki pa gen rad pou yo achte rad)
(Sa’k pa gen soulye, pou yo achte soulye)
Cheri m’pral afiche’m avè’w
Pou’m rele Jerry, mwen fiyanse
(Sa ki pa gen rad pou yo achte rad)
(Sa’k pa gen soulye, pou yo achte soulye)
Cheri m’pral afiche’m avè’w
Pou’m rele Johnny Nice, m’pral marye
(Sa ki pa gen rad pou yo achte rad)

Men son lari ya

Mwen pral ba'w yayad la
Mwen pral ba'w yayad la

[Chorus]
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
I think I’m in love
I’m in love
Mwen jwenn yon baby ki ka konprann mwen
Ki ka menm jan avè’m