Avec Le Temps • Paska

ADDED BY ZOKLO (DEC 16, 2019 AT 10:57 PM) 9,034 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Lyrics by: Paska

[Verse]
Èske se lò pou m te ba w
Paske tout sa m fè pat janm ase
M sonje lè m te nan bra w
Ou te fè m kwè w pa tap janm ale
Malgre tout vis nou
Ou te pwomèt mwen n tap fin vi nou ansanm
Malgre tout diskou
Ou jwenn on jan kanmenm pou w fè demitou

[Pre-Chorus]
M te toujou kwè ke n te ka g on chans
Pou lanmou sa je fèmen m te fè w konfyans
Mèsi pou bèl moman n viv a de
M ap di w mèsi mèsi
Men sèl sa m konnen

[Chorus]
Avec le temps ou gen pou w sonje mwen
Avec le temps ou gen pou w mande pou mwen
Avec le temps ou pral vle pou m retounen
Avec le temps le temps ou pral di si w te konnen

Fanmi zanmi ou di m ke w pa happy
Pandan w ap pran pòz wap byen pase
Pandan m konnen pa gen lòt moun
Kap janm renmen w pi plis pase m
Ou chwazi yon vi superficielle nan plas yon lanmou eternal
Men nan pwen nou ye la sa byen tris pou m sonje g on lè

Ou mèt rele m nan telefòn – ou pap jwenn mwen
Ou mèt plede voye DM – ou pap jwenn mwen
Whatsapp Facebook – ou pap jwenn mwen
Cheri ou wè la ou poukòw nèt

[Keyboard]

M te pale yo I’m back in the game for real
Nan ka sa m reziye m

Kite sa
Menm si kè m ta vle m pap tounen dèyè – mwen kite sa
Nan moman m poze pa okipe w pou mwen non – kite sa

I’m over you, over you
Mwen fini pa aprann mete tèt mwen an premye
I’m over you, over you
Jounen jodya m pi janm pou moun k ap vini aprè w la

Ou mèt rele m nan telefòn – ou pap jwenn mwen
Ou mèt plede voye DM – ou pap jwenn mwen
Snapchat Email – ou pap jwenn mwen
Jan m te di w la ou poukòw nèt

[Keyboard]

[Chorus]
Avec le temps ou gen pou w sonje mwen
Avec le temps le temps ou pral di si w te konnen