Ou Mechan • D-Lux Mizik

ADDED BY PHKATHIUS1 (APR 16, 2019 AT 4:48 PM) 4,844 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

[Verse 1]
Ak yon gita byen akòde
Yon lespri ki byen dispoze
Tankou yon melodi ak vwa
Konsa cheri ou te pot lajwa
Paran'w pat aksepte
Malgre difikilte nou te toujou kenbe
Malgre pèsekisyon nou te g'on sèl opsyon
Koz nou de te lekòl, nou g'on sèl pwotokòl
Mwen pat janm panse ak divizyon
Jodia ou lage mwen san defans
Pouki se mwen'k toujou nan soufrans
Sakrifis mwen yo san rekonpans
Men nan kè'm w'ap toujou rete an egzistans

[Chorus]
Pou jan nou te abitye
Pouki'w fè'm mechanste
Ou lage'm ak dlo nan je bebe
M'pat panse sa t'ap rive
Men se sa'k prezante
Mwen oblije aksepte bebe

[Verse 2]
Apre 1 an pase nou fè nou pa kwaze
Franchman m'debousole, mwen vinn dezespere
Sou rezo sosyo mwen wè ou anonse nan twa jou'w pral marye
Bagay sa domine'm, mwen santi'm imiliye
Se la m'vinn reyalize ou pat janm renmen'm tout bon vre
Ou ban'm yon desepsyon, yon imilyasyon
Jodia ou lage mwen san defans
Pouki se mwen'k toujou nan soufrans
Sakrifis mwen yo san rekonpans
Men nan kè'm w'ap toujou rete an egzistans

[Chorus]
Pou jan nou te abitye
Pouki'w fè'm mechanste
Ou lage'm ak dlo nan je bebe
M'pat panse sa t'ap rive
Men se sa'k prezante
Mwen oblije aksepte bebe

Cheri pouki'w blese'm
Ou mechan
Cheri konsa'w fè'l
Ala mechan

[Refrain] 2X
Kè'm ap rache
Souf mwen ap koupe

[Bridge]
Ou imiliye mwen
Ou degrade mwen
Pouki se mwen lanmou pi maltrete
Menm si m'obeyi mwen toujou soufri
Mwen vle konnen si'm pa yon eritye
M'toujou bay tout mwen menm, jamè jwenn anyen
Lanmou di mwen kisa pou'm fè pou'm rekòlte'w

[Hook] 2X
Ou lage'm san destinasyon
Poutan sèl ou'k te solisyon
Ou mechan, gad jan'w mechan

[Bridge]
Ou imiliye mwen
Ou degrade mwen
Pouki se mwen lanmou pi maltrete
Menm si m'obeyi mwen toujou soufri
Mwen vle konnen si m'pa yon eritye
M'toujou bay tout mwen menm, jamè jwenn anyen
Lanmou di mwen kisa pou'm fè pou'm rekòlte'w

BG still Chiwilibibi
Sa se D'Lux

[Refrain] 2X
Kè'm ap rache
Souf mwen ap koupe