Pa Gen Fanm Ki Pa Bon • Buzz

ADDED BY PHKATHIUS1 (APR 9, 2019 AT 5:55 PM) 4,497 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018
Featuring: Junior Bonheur

[Verse 1]
Avan’w livre kè’w bay yon moun
Chèche konnen si li renmen ou (se sa’l ye, sa’l ye)
Ou ka ofri’l tout sa’w posede
Poutan se pa sa l’ap chèche (se sa’l ye, sa’l ye)
Lanmou se pa sa’w deside
Se konn kisa kè moun nan vle
Avan’w kouri afiche’w
Fòk ou sur ke moun nan vle’w
Nan lanmou fò’w pa twò prese
Reflechi byen pou’w pa echwe
Dèfwa’w konn fè yon chwa li lage’w nan fènwa

[Pre-Chorus]
Ou ka ba’l lò, poutan’l vle lòv
Kite kè’l deside, pa fòse’l fè sa’w vle
Ou ka ba’l lòv, poutan’l vle lò
Kite kè’l deside, pa fòse’l fè sa ou vle

[Chorus]
Pa gen fanm ki pa bon sou latè
Se jan’w jere’l la (jan’w jere’l la)
Jan’w jere’l la (jan’w jere’l la ti zanmi mwen)
Pa gen fanm ki pa bon (ki pa bon) sou latè
Se jan’w jere’l la, jan’w jere’l la

[Verse 2]
Si’w konn yon fanm renmen lajan
Si’w pa gen lajan pa damou li
(Depi’l jwenn lajan yon lòt kote li prale)
Si’w konn yon fanm ap chèche lanmou
Si’w paka ba’l lòv pa damou li
(Ou mèt ba’l lajan, kote’l jwenn lanmou an li prale)

[Chorus]
Pa gen fanm ki pa bon sou latè
Se jan’w jere’l la (jan’w jere’l la)
Jan’w jere’l la (jan’w jere’l la ti zanmi mwen)
Pa gen fanm ki pa bon (ki pa bon) sou latè
Se jan’w jere’l la, (jan’w jere’l la) jan’w jere’l la

Pa Gen Fanm Ki Pa Bon

[Hook] 2X
Menm si ou wè li fè’l avè’l
Sa pa vle di’l renmen avè’l
Fòk ou fè diferans ant renmen ak trip
Pou lè l’al jwenn moun pa’l la pou’w pa ba’l kritik

[Bridge]
Pa melanje moman foli, moman l’ap jwi lavi’l
Avèk yon yon vre lanmou pou’w pa pèdi tèt ou
Chak moun gen yon moun yo damou
Si’w wè’l ale li pat pou ou
Depi’l jwenn pa’l la, l’ap ret la li pap f’on pa
Se lanmou

[Hook] 2X
Menm si ou wè li fè’l avè’l
Sa pa vle di’l renmen avè’l
Fòk ou fè diferans ant renmen ak trip
Pou lè l’al jwenn moun pa’l la pou’w pa ba’l kritik

[Bridge]
Pa melanje moman foli, moman l’ap jwi lavi’l
Avèk yon yon vre lanmou pou’w pa pèdi tèt ou
Chak moun gen yon moun yo damou
Si’w wè’l ale li pat pou ou
Depi’l jwenn pa’l la, l’ap ret la li pap f’on pa
Se lanmou

[Chorus]
Pa gen fanm ki pa bon sou latè
Se jan’w jere’l la (jan’w jere’l la)
Jan’w jere’l la (jan’w jere’l la ti zanmi mwen)
Pa gen fanm ki pa bon (ki pa bon) sou latè
Se jan’w jere’l la, jan’w jere’l la
(jan’w jere’l la mon ami mwen)