Kou Pou Kou • Enkwayab

ADDED BY JEWIPA (NOV 25, 2020 AT 2:36 PM) 742 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Single
Year: 2020
Produced by: JT Productions
Lyrics by: Jean Winer PASCAL; Additional Lyrics: Theophile Jadotte; Music:

Kou pou kou.

“Saint Pierre et Saint Paul, dites-moi la vérité
Dites-moi la vérité, avec qui je vais marier
Èske tout moun konnen’l ou byen yo po ko konnen’l?” (2 fois)

Mwen prale rakonte
Istwa 2 moun marye
Madanm avèk Mouche
Se laviwonndede.
Mwen pa nèg ki tripòt
Men, mwen s’on’w fouyapòt
Lanmou an lougawou
Chak moun toun’on’w grandou.

“Saint Pierre et Saint Paul, dites-moi la vérité
Dites-moi la vérité, avec qui je vais marier
Èske tout moun konnen’l ou byen yo po ko konnen’l?” (2 fois)

Madanm ap razwete
Mouche ap valkande
Ti boubout sou kote
Tout moun an pye gaye.
Madanm tounen chòche
Mouche tounen koutye
Ti mennaj sou kote
Tout moun an pye poudre.

Dèfwa 2 moun marye
Mwen plis kwè y’antòtye
Kou 2 chen anraje
Y’ap tyake, y’ap tyeke
Fanmi se baz limanite
Franchiz sé gaz tout verite
Le mond rejte moralite
Pou yo adopte kalamite.

Mayestwo Theo, nou pran yo.

Y’ap jere anba vant
Kè y’ap woule sou jant
Plezi pran plas fanmi
Ti moun yo ap soufri.
Sinema a kredi
Jalouzi jwe mouvi
Y’ap mennen’w vi kwochi
Y’ap venere manti.

Lò zen pete
Sou blòf yo ye
Gwo betiz sal
Kwadèbosal.
Yo fè lòbèy
Kraze boutèy
Gwo eskonbrit
Yo chire pit.
Joure youn lòt
Tire kalòt
Yo fè gagòt
Kou 2 matlòt.
Demanjezon
Pa gen rezon
Tou 2 antò
Yo wè lanmò.

Si se konsa mwen pap marye
Non mwen papa marye
Tan pou’w marye pou’m divòse
Non mwen papa marye
Chak jou yo moun yo pete lòbèy nan kay la
Non mwen papa marye
Si se konsa mwen pap marye.
Non mwen papa marye.

Enkwayab, mè vrè.

Lò zen pete
Sou blòf yo ye
Gwo betiz sal
Kwadèbosal.
Yo fè lòbèy
Kraze boutèy
Gwo eskonbrit
Yo chire pit.
Joure youn lòt
Tire kalòt
Yo fè gagòt
Kou 2 matlòt.
Demanjezon
Pa gen rezon
Tou 2 antò
Yo wè lanmò.

Si se konsa mwen pap marye
Non mwen papa marye
Tan pou’w marye pou’m divòse
Non mwen papa marye
Chak jou yo moun yo pete lòbèy nan kay la
Non mwen papa marye
Si se konsa mwen pap marye.
Non mwen papa marye.

“Si’w ko ou tou ko,
Si’w po poko poko”

Ti dwèt anlè, montre’m bag a’w.
Montre’m bag a’w
Madanm ki fidèl ak mari yo, men anlè
Montre’m bag a’w
Mari’k fidèl ak madanm yo, men anlè
E vre
Montre’m bag a’w
Epi tout moun ansanm
Montre’m bag a’w
W’a leve, leve
Montre’m bag a’w
Leve ti dwèt anlè konsa, la, la, la, la
Montre’m bag a’w
Mete’l anlè konsa, la, la, la, la,la.

Paroles: Jean Winer PASCAL
Additionnelles paroles: Theophile Jadotte
Musique: Theophile Jadotte.