An Kachèt • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (JUN 22, 2019 AT 12:18 PM) 12,295 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

[Intro]
Entre nous
Entre nous

[Verse]
M te panse l selibatè
Li di m li marye m di li m pa care
Li di m l pran feeling, lè m ap text li l febli
Epi li di m l pral bloke m m di l it’s not fair
Baby w te mèt pran m pou plan B
Devan chanm ou yo cheri m tonbe
E nenpòt lè misye ta ba w pwoblèm k ap domine w
Konnen mwen m ap toujou la honey pou m tande w
Pote tristès nan kè w se sa li plis fè w
Mwen m ap toujou la pou m satisfè w
Se mwen k ap anj gadyen w mennaj mistè w
Kite m pwouve w an sekrè cheri kijan m tizè w

[Pre-hook]
Si n ap f on ti soti n ap fè l an kachèt
N ap fon ti pa chat n ap fè l an kachèt
Yo di mari w jalou li fou li ka beng beng e l sansib a la gachèt

[Hook]
Moun pa bezwen konnen
Si g on relasyon k egziste entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou gen pil ti sekrè nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
Si nou konn fè ti lòbèy nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
M ap pwoteje w baby m ap pwoteje w

[Verse]
Si n ap fon ti soti fò vit machin nan ta fume
Fò n pa kite tras nou pap fè foto ni nou pap filme
N ap fè l an solo nou pap ekspoze pou n pa pran nan gwo lo
M konnen mari w jalou m pa vle l pouse kòn tankou toro
Menm foto w m pap like sou Instagram
Ni m pap fè comment pou m evite dram
Fò n pran prekosyon fò n evite pale ta nan telefòn menm si anvi tande vwa m
Ou renmen m m renmen w e se verite
Lasyosyete kondane enfidelite
Se desten k fè n kontre se pa yon aza
M panse nou dwe soude, nou dwe lite

N ap fè ti soti – an kachèt
Pran ti plezi – an kachèt
N ap fè ti dezòd – an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy – an kachèt

[Keyboard]
Cheri jere bèl ou
M pral Mennen w danse afro konpa

Mwen prè pou mwen konble tout vid ki gen nan relasyon
Fè w pase bèl moman pou m ka fè w jwenn satisfaksyon

N ap fè ti soti – an kachèt
Pran ti plezi – an kachèt
N ap fè ti dezòd – an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy – an kachèt

[Keyboard]