Tou Pwèl [Kanaval 2016] • Chalè

ADDED BY ZOKLO (JAN 16, 2016 AT 4:15 PM) 15,701 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016

Roodyman – papa chacha
Manno Beats – touch magic la
CJ – pou medam yo
Chalè

Ayisiyen sa k pase? gon mesaj ki pase
Pouki n pa janm chanje n toujou rete kote nou ye
Si n vle peyi n chanje, pran konsyans pou n sove l
Fòk nou sispann eksplwate piti pou n pwogrese

Di m pouki n ap viv chen manje chen – sa pa bon
Di m pouki youn ap tire sou lòt – nou di sa pa bon
Di m pouki n ap fè vyolans sou fanm – sa pa bon
Non – sa pa bon
Non – sa pa bon

Rimè an kouri yo di chalè chanje
Se pa chanje n chanje nou just vin pi move
Ak bèl pawòl bèl melodi pou fè w danse
Pa di m pa di w sa, aranje w pou n dekole
Se djaz medam yo ki rive
Se li yo tap tann pou yo ka pran bouje

Se pa maji se don kite yo vin kole

Se chalè a, se chalè a – avanse tou pwèl
Se chalè a, se chalè a – chak ane se konsa nou fèl
Se chalè a, se chalè a – fanatik avanse tou pwèl
Timoun yo avanse, granmoun yo avanse
[2x]

Nou tout se frè, fò n met tèt ansanm, men n pap bliye viktim yo
Black Alex , n pap janm bliye w
Oh oh oh oh oh oh oh

Ann ann ann ale
Nou wè chalè – wi
Eske n tou pwèl – wi
[2x]
Si w renmen Ayiti mete men goch anlè – konsa
Si w renmen Ayiti mete men dwat anlè – konsa
Bou l bourad, bal bourad tonnè [3x]
Bal bourad [4x]

Djaz pa m nan se chalè li ye
Peyi sa se pou chalè li ye
Twa jou gra sa se chalè li ye
Kanaval sa se pou chalè li ye

Ret tou prè madanm ou

Si se danse w anvi danse, danse tou pwèl
Si se chante w anvi chante - chante tou pwèl
Si se bab ou w anvi raze – raze tou pwèl
Si se cheve w anvi koupe – koupe tou pwèl

Ou renmen madanm ou ret – tou pwèl
Ou renmen mari ou ret – tou pwèl
Ou renmen pitit ou ret – tou pwèl
Ret tou pwèl

Ou renmen peyi ou ret – tou pwèl
Ou renmen kilti ou ret – tou pwèl
Ou renmen lekòl ou ret – tou pwèl
Hey ret tou pwèl

Ou pat konn se konsa n tap rive sou ou
Moun atè yo, tranble tè a, tranble tè a
Ou pat konn se konsa n tap rive sou ou
Moun sou stand yo – souke stand yo, souke stand yo

Woy woy woy
Sa Manno beats gen la
Richard store
Bon gou
Sogener
Mache ti Tony

Tout kote Martelly pase Sophia tou pwèl
Tout kote Lòlò rive Manzè tou pwèl
Tout kote Jay Z pase Beyonce tou pwèl
Tout kote chalè riv, fanatic tou pwèl

Ou ta vle pou Chalè kraze – ou ta frekan anpil
Pou lajenès pa met kapòt – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pou peyi m chanje – ou ta frekan anpil
Bon m di w – ou ta frekan anpil [2x]
Ou te vle eksplwate talan m – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pwodiksyon lokal – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pèp la pran plezi l – ou ta frekan anpil
Tonnè kraze m – ou ta frekan anpil
Tonnè boule m – ou ta frekan anpil

Djaz pa m nan se chalè li ye
Peyi sa se pou chalè li ye
Twa jou gra sa se chalè li ye
Kanaval sa se pou chalè li ye

Si se danse w anvi danse, danse tou pwèl
Si se chante w anvi chante - chante tou pwèl
Si se bab ou w anvi raze – raze tou pwèl
Si se cheve w anvi koupe – koupe tou pwèl

Ou renmen madanm ou ret – tou pwèl
Ou renmen mari ou ret – tou pwèl
Ou renmen pitit ou ret – tou pwèl
Ret tou pwèl

Ou renmen peyi ou ret – tou pwèl
Ou renmen kilti ou ret – tou pwèl
Ou renmen lekòl ou ret – tou pwèl
Hey ret tou pwèl

Men goch anlè men dwat anlè frape [3x]
Frape frape

Ou ta vle pou Chalè kraze – ou ta frekan anpil
Pou lajenès pa met kapòt – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pou peyi m chanje – ou ta frekan anpil
Bon m di w – ou ta frekan anpil [2x]
Ou te vle eksplwate talan m – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pwodiksyon lokal – ou ta frekan anpil
Ou pa vle pèp la pran plezi l – ou ta frekan anpil
Tonnè kraze m – ou ta frekan anpil
Tonnè boule m – ou ta frekan anpil

Vanse tou pwèl
Kole w tou pwèl
[2x]

Beton sa se nou k kòmande l
Lari sa se nou k kòmande l
Twa sa se nou k kòmande l
Peyi sa se nou k kòmande l

Oh oh oh oh
Yea yea

Valery Numa, mèt djaz

Ou pat konn se konsa n tap rive sou ou
Moun atè yo, tranble tè a, tranble tè a
Ou pat konn se konsa n tap rive sou ou
Moun sou stand yo – souke stand yo, souke stand yo

Woy woy woy
Sa Manno beats gen la