Bay Ayiti Tout Ou [Kanaval 2016] • Zatrap

ADDED BY JESS24 (JAN 14, 2016 AT 7:01 PM) 15,804 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016
Lyrics by: Zatrap

[LYWES]
Ba li Toutou San gade dèyè
Sang gade dèyè Se Sa k Ka fè moun baw valè
Moun baw valè Sa Depann de travay Ou fè
Travay Ou fè Se Sak Ka few fè e defè fè
Plede fè Sa w Ka fè ......

[REFREN]
Tout sa’k ka fè’w vanse
Ba li tout ou
Si’w vle peyi’w mache
Ba li tout ou
Menm yon fanm w’ap file
Ba li tout ou
Si’w pa vle boubout ou pran’w nan koup mal taye
Ba li tout ou.

[EMANOOX]
Plante plis
Rekolte plis
Se pa mwen ki di’l li nwa sou blan nan pi gwo Liv la
Lè se plis ke’w pataje plis
Ou pwospere , ou progrese, ou fè viktwa an viktwa
Bay bon pwochen’w tout ou.
Menm Jan ak boubout ou
Pou’n ka al pi lwen fò’k nou bay Ayiti tout nou
E si’n identifye bèf sipa’k virus pou charyo a
Nap voye’l nan palan la’l sibi sò’l e nou reprann tèt charyo a

[REFREN]
Tout sa’k ka fè’w vanse
Ba li tout ou
Si’w vle peyi’w mache
Ba li tout ou
Menm yon fanm w’ap file
Ba li tout ou
Si’w pa vle boubout ou pran’w nan koup mal taye
Ba li tout ou.


[PASKAL]
Bay Ayiti tout ou
Tout otan’w panse byen pou li w’ap jwenn tout an retou
Bwè dlo nan vè zanmi’m fò’w respekte vè
(vè) vè pa tarse san sann
Pou nou fè siksè’n fè sakrifis wi n' koule san’n sann
Ki ayisyen k' vle sove peyi l' e k' prè pou livre l'
Paske nan sa’l ye la a sèl pitit li’k ka delivre’l
Mwen di bay Ayiti tout ou w’ gentan leve dwèt pou’w tate’l
An han !!! jan’w konn fè pitit fi’w la e se sa’k te gate ‘l


[LEMEB]
Depi 2009 federap plede rap, nou bay tout nou pou li
Chak pwodwi nou lage nou pran yo nan zatrap, sa’k te boude souri
Nou ogmante lòt tizè
Nou pote yon lòt koulè
Nou anbrase revandikasyon se sa’k fè lè’n lage tout moun
Se …
Pale mwad’ sa
Ban’m zatrap la
Se sèl gwoup ki mache ak kilti’n bwad sou bwad sa
Dyaz tout klas la, vise vesa
Sispann bay peyi’m 2 dwèt se sa’k mesaj la

[HOOK]
Pou peyi’n mache
Sakrifye’n san pou san
Livre’n a san pou san ann ale

[PASKAL]
Lè wape travay pou ledikasyon, alfabetizasyon
W’ bay Ayiti tout ou
Kore rebwazman pou’n plante chanjman nan anviwonman
W bay Ayiti tout ou
Men lè’n wè se sou koripsyon’w kanpe
Ou bali toutou,
Resous peyi a ou vle gaspiye
Ou bali toutou
San je kreve pa gen lwa k’ap vote
Ou bali tout ou X4

[LYWES]
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
Kite Zatrap jwi libète li
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
N’anba drapo’n
Zatraaap lage kó’w (Heyyyyy)
Kage, Kage, Kage se konsa’n pral kage ou ohhh
Zatraaap wi lage kó’w (Heyyyyy)
Kage, Kage, Kage se konsa’n pral kage

Nou pra’l trase kata
Pou’n wè si na defann peyi a, peyi a, peyi a, peyi a (Heyyyyy)