Toutouni [Kanaval 2015] • Barikad Crew

ADDED BY HSONLRYRICS (JAN 28, 2015 AT 10:37 PM) 32,277 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Produced by: Ti Ansyto
Lyrics by: Barikad Crew

[Intro]
Yeah!!! (BC)
Di yo sa!
BC ap sonnen On lot jan wi la!

[Fantom Verse 1]
Menaj mwen dim ann trip lap ban mwen tay li pou'm pyafe
Fok mwen ta toup pou li san fe teyat, tou lè bagay li vle
Poum montre m tof m dil cherie m pral baw yon bon jan terapi
K'ap few toudi anyen w pap ka di, poutanl te gentan Toutouni

[Condagana, vibration]
Gade jan nou ret chita ap gad sosye a ap depafini
Gade jan kounya preske tout ayisyen pa respekte lavi
Gade jan (kale j'an) nou lanati katastrof li yo fè'n peye pri
Gade jan timoun san fanmi ap domi nan lari Toutouni
Nou ka chanje sa
Si'n aplike lafwa
Nou deja an reta
Pou lavi'n ka gen sans
Fok nou tout pran konsyans

[Brital, verse 2]
Chak lè'n sinistre (An)
Se lòt moun nap mande (Brit)
Fok gen inite, nasyon sa pa ka divize (Yes)
Nap poze tet nou kesyon, kiyes kap dirije
Nou pa dwe imilye
Kilè nap devlope
Yo pa vle, ankandre
Yo fache, lè'n pale
Y'ap kraze, nap gade
Yo pa vle peyi'n vanse
Ta sanble nou kondane
Rasanble pou'n ka chanje
Tou sa nou wè ki pa bon'k anpeche'n pwogrese

[Hook]
EsKe peyi'n nan'k pa gen leta
Ki fè tet mòn yo pa gen pye bwa
E tout lari yo chaje fatra
An nou met ansanm pou nou chanje sa
Oo ooo ooooo!
Peyi a toutouni
Kès leta toutouni
Fos pep la Toutouni
Lopital Toutouni
Lekol yo Toutouni
Lajenès Toutouni
Kilti nou Toutouni
Anviwonman nou Toutouni ii iii

[Bricks, verse 3]
Tout yon sistèm m wè'k kraze
Yon peyi'm wè'k prale
Tout yon jenes kap vann kò yo
Tankou kann ki tou kale
E tout konsène yo ap gade
Enh! Yap pyafeee
Koze telman anpil m pa gen djòl pou'm pale
Yow! Tout etranje sou pran piyay, vin foure men yo nan granmoun nan
Di yo Epa laa, non non E pa folman non
Mw map veye kò'm, ranje kòm pou bagay pa'm pa kale papa
Pou fanm kap toutouni m pral kale je'm ap gade papa

[Izolan verse 4]
Telman'n kwè nan yoyo di
Nou tou rete toutouni
Medam yo met vye teni
Mesye yo ret tou toudi
Jèn yo plis kwè nan vye plezi
Olye yo kenbe liv pou lir
Menm lè nou poko kouri
Tèt pifò nan nou pati
Yow! Pa bliye haiti se pam, se pa'w se pa nou tout li ye
Problem yo se pam se paw nou tout nou pa dwe repliye
Chak ane BC toujou mete ansanm pou di'n respekete
Menm si dat premye janvye neg yo pa respekte

[Hook]
Eske peyi'n nan'k pa gen leta
Ki fè tet mòn yo pa gen pye bwa
E tout lari yo chaje fatra
An nou met ansanm pou nou chanje sa
Oo ooo ooooo!
Peyi a toutouni
Kès leta toutouni
Fos pep la la Toutouni
Lopital Toutouni
Lekol yo Toutouni
Lajenès Toutouni
Kilti nou Toutouni
Anviwonman nou Toutouni ii iii
Conda, Vibration:
Ooooooo Lavi pa finiii..Si nan kè an nouu..
Genyen lanmouu..

[Choral]
Ooooo ooooo ooooo oooo
Ooo ooo ooo ooo ooo
Ooooo oooo oooo oo

Pa kriyeee, pa releee!
Se ti mesye yo, ak ti medam yo
Ki fin awoyo, Sou tout facebook yo
Ak Instagram yo, Plen video

[Brital + Choral]
O A A, O A A!
(senatè, depite, majistra tout moun Toutouni)
O A A! Gad'on traka pou mw!
(Neg a vès yo, ti bredjenn yo, ti medam yo tout moun Toutouni)
Si'w renmen BC, retire mayo'w vire'l anlè!
(Tout moun net Toutouni).
Vire'l vire'l, fe'l tankou vantilatè!
(Tout moun net Toutouni)
Nou chofe, nou chofe, pi red pase lanfè!
(Madan sara, chofe taxi, chofè moto, tout moun Toutouni)
Nou ponpe nou ponpe, jiskaske'n kraze latè!
(Elev lekol, ouvriye, lapolis, tout moun Toutouni).

[Fantom]
Ki group lè li rive ki fe tout stand yo souke?
(BC'l ye, BC'l ye, BC'l ye, BC'l ye)
Ki group le li rive ki fe moun mand'anraje?
(BC'l ye, BC'l ye, BC'l ye, BC'l ye)
Mayo'w la fe'w cho ( Retire'l)
Chemiz la fe'w cho (Retire'l)
Kepi a fe'w cho (Retire'l)
Tout sa ki fe'w cho (Retire'l).
Souke, souke, souke, souke, souke, souke, Souke (Woy)
Souke, souke, souke, souke, Souke, Souke, Souke (Anmwey)
Souke, souke, souke, souke, souke, souke, souke, souke (Weeeee).
Respè pa check, ou met kenbe'l (Tout moun net Toutouni)
Aaaaah woy! Barikad, men Bon an! (Tout moun net Toutouni)

[Brital + Choral]
Si'w renmen BC, retire mayo'w vire'l anlè!
(Senatè, Depite majistra Tout moun Toutouni).
Vire'l vire'l, fe'l tankou vantilatè!
(Nèg a vès yo ti brejenn yo ti Medam yo Tout moun Toutouni)
Nou chofe, nou chofe, pi red pase lanfè!
(Madan sara, chofe taxi, chofè moto, tout moun Toutouni)
Nou ponpe nou ponpe, jiskaske'n kraze latè!
(Elev lekol, ouvriye, lapolis, tout moun Toutouni)

[Izolan ]
Tifi a di manman'l mèt mete'l deyò (Ouwoo)
Paske nan kanaval la'l pral toutouni (Ouwoo)
Kit li te potoprens kit li te andeyò ( Ouwoo)
Depi gen 3 jou gra fò'l danse BC (Ouwooo)
Manman met men anlè li tonbe rele (Ouwoo)
Li kapote'l adwat li tonbe rele (Ouwooo)
Li kapote'l agoch li tonbe rele (Ouwooo)

Maestro Mmix Kazino beat Yo Hype tout e haiti
[Choral]
Tout moun net toutouni

[Jerry]
Plake plat otomatik 2pat kontinye