Zonbi San Manman [Kanaval 2016] • Boukman Eksperyans

ADDED BY TIZER (DEC 26, 2015 AT 2:15 PM) 31,231 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Album: Kanaval 2016
Year: 2015
Produced by: Ted Beaubrun

[Intro]
Tande, tande, tande cheri m yo
Tande sa Boukman ap di nou la
Kit ou klè, kit ou nwa, depi se la ou fèt
Yon sèl jan y ap rele w, y ap rele w Ayisyen
Kit rich, kit ou pòv, nan menm lakou nou ye
Lakou sa a demanbre, nou dwe respekte l

[Verse 1]
Se depi byen lontan n ap fè bri nan lakou a
Nou potrè mannmannan, nou sanble ak yon pil zonbi
Plede kouri nan tout lari sipòte yon sistèm k ap zonbifye n
Fè nou rayi menm pwòp tèt nou,
Tonbe nan konfizyon O mezanmi!

[Verse 2]
Se depi byen lontan n ap fè bri nan lakou a
Nou potrè mannmannan, nou sanble ak yon pil zonbi
Nou s on pèp vanyan
Nou pral goumen pou nou derasinen move lide
Nou pral kreye bonjan sistèm kote tout Ayisyen pral viv anpè

[Lead]
An han, kouzen
Hmm hmm, kouzin
An han, tande
Hmm hmm, fè kè nou kontan
An han, chanje leta
Hmm hmm, leta zonbi
An verite, fè kè nou kontan

[Chorus]
O Jean Racine o
Anye Fran Ginen yo
O Jean Racine o
Sèl Bondye mwen pè
Mwen sot kote Bondye rete
O o o, sèl Bondye mwen pè

Opa, ale atansyon
Opa kamard opa kamarad opa
Disiplin, opa kamarad
O pa kamarad o pa ! (2x)
An nou wè
[Verse 3]
Zonbi san manman – Pinga w zonbi
Zonbi politik – Pinga w zonbi
Pa kraze sa n fè
Respekte sa w wè
Zonbi san manman – Pinga w zonbi
Zonbi politik – Pinga w zonbi
Pa kraze sa n fè
Pa detwi sa w wè la a

[Hook]
Sistèm nan zonbifye w
Sispann kraze brize
Sistèm sa a zonbifye ou
Sa w fè a se li w ye
Ou pa bezwen plere pou sa
Sispann kraze brize
Ou pa bezwen dan di pou sa
Sa w fè a se li w ye

[Verse 3]

[Verse 1]

[Verse 2]

Kouzen, kouzin, tande
Fè kè nou kontan
Chanje leta, leta zonbi'
Jean Racine, fè kè nou kontan

[Chorus]
O Jean Racine o!
Anye Fran Ginen yo
O Jean Racine o!
Sèl Bondye mwen pè!
O o o o ....
O Jean Racine o, sèl Bondye mwen pè

Lead

[Hook]
Sistèm nan zonbifye n
Sispann kraze brize
Sistèm sa a zonbifye ou
Sa w fè a se li w ye
Ou pa bezwen plere pou sa
Sispann kraze brize
Ou pa bezwen bandi pou sa
Sa w fè a se li w ye

[Chorus]

Sèl Bondye mwen pè (rpt)

[Outro]
Sispann kraze brize
Sa w fè a se li w ye