Dlo Dous • Zafem

ADDED BY ZOKLO (AUG 5, 2023 AT 6:25 PM) 1,227 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: LAS
Year: 2023
Produced by: Dener Ceide
Lyrics by: Dener Ceide

[Verse 1]
Toutan l pa ka yon sèl pozisyon
Chak jou se pa menm sansasyon
Nou ka fè dezòd tankou vyole lalwa
An nou vire kay la
Ann mete l tèt anba
Menm si vwazen an ta rele - polis
Nou pap okipe l menm si l frape - kraze pòt kay la
Cheri fè bri lage kò w moman sa seremonyèl
Kò n ak kè n resi fè yon sèl

[Chorus]
Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

[Verse 2]
Mwen tèlman kontan wè reyaksyon w
M pèdi nan gade ekspresyon w
Sanble w sou genlè w bwè w vè zo devan
Pou vin mete m devan
Se pa moun sa mwen te konnen avan
Doudou ann kontinye met plis epis
Pa woule lang ou si w anvi di m kèk betiz
Cheri fè bri lage kò w moman sa seremonyèl
Kò n ak kè n resi fè yon sèl

[Chorus]
Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

[Keyboard Solo]
Cherie kite m fè zafè m nan zafè w

[Verse 3]
Sa w gen nan lonbrik la – pa di m la pa ladan l
Ou gon w ti siy bò kwis la – pa di m la pa ladan l
Kite m dekouvri krèch la pou m tranpe mèch la
E Miwata Miwata
Sa w gen nan zòrèy sa – pa di m la pa ladan l
Kite menm kote l ye a – pa di m la pa ladan l
M ap rantre nan jaden an la m al mare bèt la
E Mikanou Miwata
Sa w gen nan rèl do la – pa di m la pa ladan l
Gon w ti mak dèyè tèt la – pa di m la pa ladan l
Ou ka vire bò vire kò w vire dada w
Pou m ka monte montay la
Kite m gade vale a – pa di m la pa ladan l
Cheri men banmbata ouvè wout la
Ou ka vire bò vire kò w vire dada w

[Keyboard Solo]
E laaaa

[Chorus]
Kenbe la rete pa bouje
Tout kò m se dlo dous
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou
A l'instant

[Chorus]
Kenbe la rete pa bouje - Si w ta vle souri nan lòt Chanm nan
Tout kò m se dlo dous - Konnen m ap tann ou nan kuizin nan
Pa vire bò
Pa gade gon w myèl k ap koule
Bagay bèl nan men nou - Cheri w deja la ou pa kapab kache
A l'instant