Abracadabra • Zafem

ADDED BY COLORLOVE (JUL 9, 2023 AT 10:50 AM) 382 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: L.A.S.
Year: 2023

Pouki’w kanpe laba
Ou konn byen prezans ou
M’pa reziste sa
Li pa senp lè’w bò kote’m
Lè souf ou tou pre’m

Pou mwen ou son’ antrav
Se tout sans mwen ki kont mwen
Chak fwa mwen wè’w douvan’m

Kilès ki voye’w teste m di mwen
Paske mwen pap kite’w chape anba’m

Met kwè mwen
Mwen di’w mwen pap kite’w chape anba’m

Fè’m pale fè’m pale fè’m fatige
Pouki w’ap fè enteresan fè enteresan

Ou sou sa w’ap di abracadabra
Pou fè tan pase

Ou fe mwen pale pale ba ou
Vide tout zantray mwen ba ou

Fè’m pale fè’m pale fè’m fatige
Pouki w’ap fè enteresan fè enteresan

Ou sou sa w’ap di abracadabra
Pou fè tan pase

Pa met limit sou tan nou
Paske moman sa ka pi long pase tout lòt yo
Pa gen pwoblèm si jou bare’m
Depi ou kò nou pare pou dyaloge

Pou mennen’m mennen’m
Mennen mwen tout kote’k kache

Sou po’w
Mwen vle’ w konn tout chemen’k kwochi sou kò’m
Ou konn lavil konn andeyò’m

Ou se repons
Ret kwè
Ou fè’m pwomès sa lontan
Ou se temwayaj mwen Ole Ole

Fè’m pale fè’m pale fè’m fatige
Pouki w’ap fè enteresan fè enteresan

Ou sou sa w’ap di abracadabra
Pou fè tan pase

Ou fe mwen pale pale ba ou
Vide tout zantray mwen ba ou

Fè’m pale fè’m pale fè’m fatige
Pouki w’ap fè enteresan fè enteresan

Ou sou sa w’ap di abracadabra
Pou fè tan pase

Anye anye anye
Pou fe tan pa

Vlope’m
Kenbe’m

Zafemm

Kenbe’m
Vlope’m

Pou sa’w fe’m pase anko

Kenbe’m
Vlope’m

Anko

Vlope’m
Kenbe’m

Kenbe’m
Vlope’m

Kenbe’m

Mwen s’on chabon’k sou recho
Sou twa pye’m kanpe
Vi’n vante vi’n soufle’l
Bezwen lafimen’m gaye

Sou vizaj ou’m ka li yon verite
Mwen ka wè’w vle men lapèrèz mare’w
Sa enraje

Mwen s’on chabon’k sou recho a
Sou twa pye’m kanpe
Vi’n vante vi’n soufle’l
Fe’m we lafimen’m gaye

Gaye gaye
Sou vizaj ou’m ka li yon verite
Mwen ka wè’w vle men lapèrèz mare’w
Sa enraje

Lalala lalalalalalala lalala
Lalala lalalalalalala

Fè’m pale fè’m pale fè’m fatige
Pouki w’ap fè enteresan fè enteresan

Ou sou sa w’ap di abracadabra
Pou fè tan pase

E wa E wa E wa
Pou fè tan pase