M’pap Ka Neye • Zafem

ADDED BY COLORLOVE (JUL 9, 2023 AT 11:05 AM) 355 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: L.A.S.
Year: 2023

M’pap ka neye
Bato a pap koule
M’pap ka neye
Menm lè lanmè move
Gen anpil nesesite o
Kilès k’ap vi’n ede’n
Tèlman gen nesesite o
M’pa ka menm rakonte

Se nou’k gen gouvènay la

M’pap ka neye
Bato a pap koule
M’pap ka neye
Menm lè lanmè move
Gen anpil nesesite o
Kilès k’ap vi’n ede’n
Tèlman gen nesesite o
M’pa ka menm rakonte

Konpreyansyon se yon gwo koze
Li ka elimine anpil tèt chaje
Gen moun k’ap viv avè w’K pap janm pale
Fòk ou al chèche, Pou konnen kòt verite yo ye

Ou ka mande mesye Jowèl si ou vle
Si ou vle, si ou vle

Ou ka madan Jowèl ooooo
Ou ka mande madan Jowèl si ou vle
Si ou vle, si ou vle

Mwen konn wè sa rive nan anpil fanmi
Madanm ak mouche avèk menm zanmi
Ou ka wè dan deyò men se ak gwo efò
Epi ofon yo ka tòdye tou pre trepase
Si’w kwè m manti mande ale mande

Ou ka mande mesye Jowèl si ou vle
Si ou vle, si ou vle

Ou ka madan madan mesye a
Ou ka mande madan Jowèl si ou vle
Si ou vle, si ou vle

Sa vle di si’w wè’l, si’w gen pouvwa pou fè’l
Ou pa bezwen kite moun mande
Si w wè nesesite
Wòl tout vèditè
Se kole zepòl
Lè nou fin fè la charite
Pa pale
Mòdòd la se toujou pataje
Li pap chanje

Se pou mizik sa fè m sonje
Pou’m toujou pataje

Douvan

Lagon moso pen nan larivyè ya
Yon pwason ap pote’l bòw bò lanmè a
Yela yaya

Tout bon tan move tan se pou yon tan, Fòk nou sonje sa
E si jou yo souri ba w, Fò w gen gratitid pou sa
Ou pap ka bon moun pou tout moun
Se pa tout moun ki youn

Sa se Zafem, ZAFEM

Zafem

Vi’n pale’w

O O O O O O O O
O O O O O O O O
O O O O O O O O
O O O O O O O O

Si’w te konn valè fòs ki nan ou
O O O O O O O O

Yo toujou di mande ya va ba ou
Men’w ka merite yo pa gen pou ou
Sonje ou pap neye pou sa
Sonje ou pap peye pou sa

Se pa tout moun ki alèz nan ranpe
Lè’w gon byen pou fè, Piga’w demake
Ou ka jwenn Kontantman nan sa
Ou ka jwenn Kontantman nan sa

Ann fè mesaj la pase
Ann fè’l pase
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalala lala

Yo toujou di mande ya va ba ou
Men’w ka merite yo pa gen pou ou
Sonje ou pap neye pou sa
Sonje ou pap peye pou sa

Se pa tout moun ki alèz nan ranpe
Lè’w gon byen pou fè, Piga’w demake
Genyen la Kontantman nan sa
Ou ka jwenn Kontantman nan sa

An’n fè mesaj la pase
An’n fè l pase
Tyenbe tyenbe
Tyenbe tyenbe
Lalalala lala
Hey hey

Fòs

Tout sak santi yanba dlo
Santi pèsòn pa sonje yo