Lanmou Sou Poz • Orchestre Tropicana D Haiti

ADDED BY ME (AUG 7, 2022 AT 1:11 PM) 892 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Gwo Tanta
Year: 2022

[Verse 1]
Lanmou ka fèw strese, ni konplekse
Kèlkeswa moun ou ye sa ka rive
Byen reflechi pou tèt ou pa pati
Byen kalkile pou fwaye w pa kraze
Imajine map byen travay
Mwen reyisi anpil bagay
Men nan fwayem sa pa mache
Sa vin rann mwen toumante
Lakay mwen se la poum ta byen
Poutan se la mwen pi chagren
Se kòmsi kay la ante
Mwen toujou gen kè sote

[Refrain 1]
Fòw mete lanmou sou poz
Depiw santi ou boulvèse
Fòk nou mete lanmou sou poz
Depiw santi santi wap mal pase
Fòw mete lanmou sou poz
Depi se sa kap fèw viv byen
Fòk nou mete lanmou sou poz
Solisyon an se lè wèw byen

[Verse 2]
An verite, an verite
Gen yon laj ou vin rive
Siw pran lavi ou au serieux
Sa ka fè ou viv heureux
Nan sa mwen avèk Ange rive la
Mwen menm tou m santim kondanab
Pa gen se lòt ki koupab
Ann bat pou n santi n ansanm

[Refrain 2]
Mwen fè anpil eksperyans
Mwen pa vle pran yon lòt chans
Lavi mwen pa janm an woz
Mwen met lanmou sou poz
Mwen fè anpil eksperyans
Mwen pa vle pran yon lòt chans
Lavi mwen pa janm an woz
Mwen met lanmou sou poz

[Bridge]
Kalvè, mwen monte, mwen monte, mwen monte
Pou mizè ke mwen pase
Se pa nan bonè mwen pa di jamè
Kalvè, mwen monte, mwen monte, mwen monte
Pou mizè ke mwen pase
Se pa nan bonè mwen pa di jamè
Kalvè, mwen monte, mwen monte, mwen monte
Pou mizè ke mwen pase
Se pa nan bonè mwen pa di jamè

[Refrain 2]
Mwen fè anpil eksperyans
Mwen pa vle pran yon lòt chans
Lavi mwen pa janm an woz
Mwen met lanmou sou poz
Mwen fè anpil eksperyans
Mwen pa vle pran yon lòt chans
Lavi mwen pa janm an woz
Mwen met lanmou sou poz