ADDED BY COLORLOVE (JUL 11, 2023 AT 4:57 PM) • 417 VIEWS • EDIT
Separasyon bagay ki di
Lèlène cheri pa konprann ke ap gen on chanjman
Ou se ti kè'm
Mwen pa sa kite'w
Kounye a se nan foto m'ap we'w
Lè swa m kouche
M pa sa domi
Map mande
Ki lè w'ap retounen?
Paske m'ap tann ou
San pran souf
Pou nou viv bon moman
M pa sa kite'w
Ou pa sa kite'm
Sa fè nou de zan
Youn pa karese lot
Li lè pou ou retounen lakay
Paske de pye'm pa kont
Lèlène Cheri
W'ale
Lèlène cheri w'ale nan New York City
Fo'w'pa bliye pou'w pa ekri paran'w yo
Yo di'm nan New York genyen anpil fredi
Ou gen manman'w
Ou gen papa'w
Ou gen ti se'w
Ou gen ma tante'w
Ou gen kouzin'w
Ou gen neve'w
Se gwo zen Lèlène
Lèlène Cherie
Se gwo zen Lèlène
Lèlène Cherie
Nou soti New York
Lè'n soti New York
Nou pase Kanada
Lè'n soti Kanada
Nou pase Miami
Lè'n soti Miami
Nou pase a Paris
Lè'n soti a Paris
Nou pase la Guyane
Lè'n soti la Guyane
Nou pase Matinik
Lè'n soti Matinik
Nou pase Gwadloup
Lè'n soti Gwadloup
Nou pase Poto Riko
Lè'n soti Poto Riko
Nou tonbe Ayiti
Nou tonbe Ayiti
Ou renmen ti bef
Pou kisa ou renmen'l?
Ou genlè renmen ti bef
Pou kisa ou renmen'l
Renmen ou renmen ti bef.
Ou renmen ti bef
Pou kisa ou renmen'l?
Ou genlè renmen ti bef
Pou kisa ou renmen'l
Ou te pati'w pa't di'm
Mwen te pati an bref
Ou te pati'w pa't di'm