Pa Ret Sou Mwen • Kaï

ADDED BY LILPETER3 (OCT 18, 2021 AT 6:57 AM) 625 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Jijem
Year: 2021

Pa ret sou mwen
Intro
Pa ret sou mwen
Te kwè'm pat bon
Te kwè'm pat bon non
Toujou fè byen san kenbe
Lè'w bay koudmen fòw pa wè demen
Se vre rann sèvis bay chagren
Men pou lapenn gon Bondye kap veye
Bliye kou ki bay mak pa rete
Lè'w kenbe rankin se vi'w wap frennen
Se vre'l pa fasil lè'w gen nen
Men pou lapenn gon manman kap priye
Men mwen pa gen tan
Mwen pa gen tan
Pou'm okipe tout mal palan mwen yo
Yo wè'm kontan
Yo gen pwoblèm
Yo wè map viv
Yo gen pwoblèm
Men se pa fòt mwen si lavi paw mizerab
Pa ret sou mwen
Pa rete
Te kwè'm te yon pwazon
Mwen pa bon
Te kwè'm ton Madichon
Se mwen'k bay pwoblèm se mwen'k gen devenn tout kote nonm site
Pa ret sou mwen
Pa rete
Te kwè se mwen'k pat bon
Mwen pa bon
Te kwè'm ton pongongon
Se mwen'k bay pwoblem, se mwen'k gen deven tout kote
Apran trase route ou
Fòw apran
Pa boude lè map byen pase
Jalouzi fèw bliye
Sa ki te few monte
Se pa chans ki fem rive
Kotew te panse'm tap tonbe
Men mwen pa gen remò
Ma lonje men'm si'w dakò
Prehook
Men mwen pa gen tan
Mwen pa gen tan non non non
Pou'm okipe tout mal palan mwen yo
Yo wè'm kontan
Yo gen pwoblèm
Yo wè map viv
Yo gen pwoblèm
Men se pa fòt mwen si lavi paw mizerab
Pa ret sou mwen
Pa rete
Te kwè'm te yon pwazon
Mwen pa bon
Te kwè'm ton Madichon
Se mwen'k bay pwoblèm se mwen'k gen devenn tout kote nonm site
Pa ret sou mwen
Pa rete
Te kwè se mwen'k pat bon
Mwen pa bon
Te kwè'm ton pongongon
Se mwen'k bay pwoblem, se mwen'k gen deven tout kote nonm site
Men bagay
Ah wi manman
Kounye a la m pa care
Mwen pa gentan poum okipe vakabon
Ti medam yo kanpe rèd devanm
Dave sa yo fè
Yo rele ouh nou rele ah
Gade plezi
Plezi nap pran
Se nan Kaï nou ye
Plezi nap pran
Kòb ap depanse
Plezi nap pran
Gade Richa towing mennaj mwen
Plezi nap pran
Kounya'm mande anranje
Plezi nap pran
Yo rele ouh nou rele ah bis
Gade plezi
Tafya fèk tonbe
Plezi nap pran
Yon mawozo fèk bon
Plezi nap pran
Se nan Kaï selman
Plezi nap pran
Se la'k gen bèl fanm
Plezi nap pran
Dekole sou mwen
Sispan site nonm
Pouki pou rayi yon moun Bondye beni
Se vre
Wap fè jalouzi pran pò wape souri
Kite'm diw
Fake la pa fòw byen
Li pa fòw byen
Li pa fòw byen menm
Hater pa fòw byen
Li pa fòw byen
Li pa fòw byen menm
Yo rele ouh nou rele ah
Gade plezi
Moun yo ap byen danse
Plezi nap pran
Tout koten pase
Plezi nap pran
Jazz la dedouble
Plezi nap pran
Se nan Kaï selman
Plezi nap pran
Se la'k gen bèl fanm
Plezi nap pran
Tout moun gen djaz men tout moun pa gen Kaï