Manman • D.P. Express

ADDED BY TIZER (MAY 24, 2014 AT 10:35 PM) 17,045 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Bariè
Year: 1983

Depi w tou piti m’ap pase mizè pou m ka okipe w
Se anba panyen pousyè Kwabosal mwen pase tout vi m
Gade jodia w’okipe yon gran plas nan lasosyete
Olye w di m mèsi manman ou pito vire do’w banmwen
Paske w pa bezwenm

Pa gen yon zanmi w ki gendwa konnen ki kote m rete
W’abite Kenscoff, mwen menm sou Portail m’ap manje mizè m
Lè w sonje Bondye, ou pase kote m ak kèk fòl dola
E poutan m’pakab rayi w, m’ap toujou très fière de ou
Paske m se manman

Paske m se manman (6x)

Wo doulè manman pa janm fini
Pa janm bliye se li k ba w lavi
Sosyete pa ba w anyen, manman se manman
Ou te mèt fè sa ou vle, se nan pye l pou vinn mouri
Manman se k’on pye bannann, fèy yo te mèt lonje lonje
Ou mèt fè sa ou vle, se nan pye l pou vinn mouri

Suavecito…
Suavecito mamacita

Wo manman, koman w ta vle pou m bliye ou
Ou menm ki mete m sou tè sa
Ki te pwoteje m pou lougawou pa manje m

Wo...
Lè m t’ap kriye, se ou k te konn konsole mwen
Lè m te grangou, se ou k te konn banmwen tete
Pou m te domi, se ou k te konn chante pou mwen
Pou m te mache, ke wòb ou m’te konn kenbe

W’a prete m tche wòb ou pou m kenbe manman wo
Wa prete m wa prete m wa prete m tche wòb ou manman wo

Paske w se manman (6x)

Wo doulè manman pa janm fini
Pa janm bliye se li k ba w lavi

Sosyete pa ba w anyen, manman se manman
Ou te mèt fè sa ou vle, se nan pye l pou vinn mouri
Manman se k’on pye bannann, fèy yo te mèt lonje lonje
Ou mèt fè sa ou vle, se nan pye l pou vinn mouri