Frè Kot Papa • Orchestre Tropicana DHaiti

ADDED BY TIZER (MAY 20, 2014 AT 11:28 AM) 24,186 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: 20ème Anniversaire
Year: 1983

Gad traka jèn gason amoureux gen pou yo pase
Lè w renmen san resèv ou gen anpil pwoblèm

Se bò Sacre Coeur, mwen te g'on ti menaj
Nou te telman damou avan m dòmi se pou m akote l
Paran l gen Miami, yon jou voye chèche l
Depi lè sa a mwen pa viv, dlo frèt pa bon nan bouch mwen
Lè l ekri m, li di m: Cheri m'ap tann ou, fè vit vini pa nenpòt mwayen

Apre 2 an, m'degaje m, m'jwenn yon viza
M'antre Miami, m'al jwenn boubout mwen
Desann kay zanmi mwen, li ret kay paran li
Nan telefòn nou kominike
2 semèn aprè n'ale nan yon ti bal
Nou chita sou tab, yon flannè vinn parèt
Menaj mwen di mwen se frè l kot papa
Nou fè konesans, misye chita
Depi l finn chita, l'ap pale ak menaj mwen
Nan yon lang ke mwen pa konprann
Nan tout sa y'ape di, se 2 mo m'plus tande: "love, my love"
Chak moso ki frape, y'al jis nan mitan piste la
Lè m'al pran 'on ti jòf mesye, kè m manke bloke

An verite m'manke dezole nan Miami
Apre m finn wè menaj mwen sou piste la k'ape ploge
Li te di mwen se frè l kot papa
Mwen te finn kwè
A chak moso, yo leve y'al danse jis nan fond piste la
An verite m'manke dezole nan Miami
Fason m'finn wè menaj mwen sou piste la k'ape ploge
Li te di mwen se frè l kot papa
Mwen te finn kwè
A chak moso, yo leve y'al ploge jis nan fond piste la

Depi l finn chita se angle l'ape pale
M'pa konprann anyen paske mwen menm se "just come"
Depi l finn chita, misye anpeche m ouvri bouch
Sa k pi enève m, misye bwè tout sa k sou tab la

Mesye lè nou renmen “fait attention”
Frè kote papa genyen kamouflay
Chèche konn tout paran mennaj nou genyen
Si nou pa vle pran nan pa konprann

An verite m'manke dezole nan Miami
Apre m finn wè menaj mwen sou piste la k'ape ploge
Li te di mwen se frè l kot papa
Mwen te finn kwè
A chak moso, yo leve y'al danse jis nan fond piste la

An verite m'manke dezole nan Miami
Fason m'finn wè menaj mwen sou piste la k'ape ploge
Li te di mwen se frè l kot papa
Mwen te finn kwè
A chak moso, yo leve y'al ploge jis nan fond piste la

Depi l finn chita se angle l'ape pale
M'pa konprann anyen paske mwen menm se "just come"
Depi l finn chita, misye anpeche m ouvri bouch
Sa k pi enève m, nonm nan vale tout sa k sou tab la

Mesye lè nou renmen “fait attention”
Frè kote papa genyen kamouflay
Chèche konn tout paran menaj nou genyen
Si nou pa vle pran nan pa konprann