Woulib • Kenny

ADDED BY ZOKLO (JAN 15, 2023 AT 11:50 PM) 723 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2023
Lyrics by: Kenny Haiti

[Verse 1]
Sa gen lontan nou renmen
Men sa gen lontan depi nou pa viv byen
Se ke senyen tout lajounen n ap goumen
Pou lòt nou pa vo anyen.. anye ay
M pa konn ki dènye fwa nou pale
Rete n pa di anyen maleng menm ap anpire
Ki dènye fwa nou fon ti bo
Lè m swaf nan bouch mwen w met ti dlo
Genlè w pa wè nou fin dezabitye

[Chorus]
Se tankou yon motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib
(2x)

[Verse 2]
Fò w sonje lè n te kòmanse nou te konn fè tout bagay
Kounya n kanpe de lwen ape fè lòt babay
Mwen avè w toujou sou kont nou tankou de kòk batay
Pou n retounen men jan pa konn sa pou m ta bay
Map chache, map chache rezon ki fè jounen jodya mwen avè w pa an akò
M bouke, m bouke fè sanblan n ap byen pase devan lasosyete
Bagay sa m pa dakò
Wayayayy woyoyoy
Dèfwa m rete cheri mwen santi m seul
Wayayayy woyoyoy
Lanmou n vin transfòme l vin amè kou fyèl

[Chorus]

El Chapo
Lanmou m tounen on bogota vin ede m pouse

[Keyboard]
Konpa
Cheri, men paradi w la

Kilè lanmou n ap swanye li bezwen wouze
Pou sitèlman nou chanje nou dezabitye
Eske w pa wè nou dekonekte fòk nou pale
E si silans sa kontinye lanmou n deja kraze

Pou ki n pa rekòmanse – woulib
Lanmou n ap degrengole – lanmou n sou woulib
Fò n aprann kominike – woulib
Pa vle nou detwi sa nou fin bati
(2x)

[Keyboard]

[Chorus]
Se tankou yon motè ki pa vle pati
Nan kaye lanmou nou chaje rati
Relasyon sa bezwen bon jan terapi
Koz lanmou nou sou woulib, woulib