Ou Pral Regrèt Sa • Harmonik

ADDED BY ZOKLO (MAY 28, 2022 AT 1:37 PM) 1,001 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Maturité
Year: 2022
Featuring: Danola

[Verse 1]
Tout tan mwen pa leve m ale
Ou pap konprann enpòtans mwen – nan kay la cheri
Tout tan m ret la m ap sipliye w chak jou
W ap toujou meprize m – se vre, se vre
Se pou yon jou w tonbe rele m tonbe chèche m
Ou pa ka jwenn mwen – nan kay la cheri
Lè sa wa pran konsyans wa rekonèt cheri kalite mwen genyen enh

[Chorus]
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa

[Verse 2]
Pou jan m chouchoute w
Pou jan m pwoteje w
Ou jwenn mwayen mennen yon lòt moun nan kay la
Ou te ban mwen vag poutèt mwen ba w bag
Ou mistifye, ki mòd de vi sa

[Chorus]
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa

[Verse 3]
Gen moun nan lavi ki pa janm satisfè
Pou chodyè nèf ou jete vye chodyè
Se lè pa bon pa la ou wè pa bon te bon

Cheri se pa mwen k pral fè w peye
Se lanati kap fè w peye

[Keyboard Solo]
Karma is this
You know who this is
This is Harmonik

[Verse 4]
Danola is in the house yeah
Cheri pa gen wout pa bwa
Jan w vire l wap pran nan kou sa
Lanmou an pa sifi
Si w pa konprann lè ou g on hot girl nan men w
Pou n fè lafil endyèn pou yo pran l nan men w
Ou lapide m lapide m m pa di w anyen
Men je w kale w avèg ou pa banm san m bezwen
Anverite lanmou an pa sifi

[Chorus]
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa
Ou pral regrèt sa – ou pral regrèt sa
Ou gen pou w regrèt sa – gen pou w regrèt sa

[Verse 3]
Gen moun nan lavi ki pa janm satisfè
Pou chodyè nèf ou jete vye chodyè
Se lè pa bon pa la ou wè pa bon te bon

Cheri se pa mwen k pral fè w peye
Se lanati kap fè w peye

[Keyboard Solo]
Karma is this
You know who this is
This is Harmonik
Cheri de tout la fason wap peye sa
Sèlman ou ranje kabann ou wap dòmi sou li wi

[Keyboard Solo]
Karma is this