ADDED BY ZOKLO (JAN 15, 2023 AT 11:18 PM) • 112 VIEWS • EDIT
[Verse 1]
Sou latè m te vin nan on misyon malgre sitiyasyon
Mizik sèl destinasyon m malgre les deceptions
San regrè yon jou m gen pou m kite
E mwen kwè sou tè lavi a non m grave
[Verse 2]
Mizik se sa ki tout pasyon m mikwo m se anbisyon m
Mon rev de sa se t on visyon pou li m te prè pou m pran prizon
San regrè yon jou m gen pou m kite
E mwen kwè gen lòt moun ki pral kontinye
[Horns]
Van van nan kay la
Kontinye netwaye lakou a
[Keyboard]
Eya papa men Mass Konpa
Konpa nan kay la
Zopodo Zopodo Zopodo
[Choir]
M pral jete dlo
Limen balèn oh
Pou zan yo
Ayibobo
[Verse]
Chak jou m nan lavironn dede
Malgre lespri m byen dispoze
Lè m bite, si m tonbe fò m leve ankò
Mwen dakò fè jefò ban m rezon ou tò
Rele bondye wo
[Choir]
M pral jete dlo
Limen balèn oh
Pou zan yo – wout la deja trase m pa ka kanpe
Ayibobo
[Verse]
Kouri ale kouri tounen
Yon milyon moun pou m bay lanmen
M innosan m trè koupab
M fè tèt mwen twòp mal pou m fè byen
Lavi pa m son konba yes aya jiska lamò
[Horns]
Ou toujou ap sèmante kou w tande loraj ou kouri
Van rebare w ankò, kreten
[Keyboard]
Konpa konpa
Lavi m son liv
Chak chapit ladan l son gran istwa
Malgre tout eprèv mwen viv ak lafwa m toujou jwenn viktwa
M ap di bondye mèsi Gracia Delva pou le konpa e pou lavi
Nou nan misyon la ye
Misyin Ginen sa ye
Jou a gen pou l rive
Ya remèsye n pou sa n ye