Obsede • Harmonik

ADDED BY ZOKLO (JAN 27, 2014 AT 8:22 PM) 29,391 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2009

Dlo nan je'm pap sispann koule
Sou vye bout papye ke mape konpoze
Sou lorizon ma mete'w kouche
Desine'w ak yon koulè k'pa egziste

Parmi les saints m'a va ekspoze'w
Pou yo sa ajenou nan pye'w
Pou yo konnen kiyès ou ye
Ou se pi bèl not lè m'ap chante
Ou se tout kè mwen lè map monte
Mwen montre jan mwen devwe

Pou mwen ou pa konn sa'w ye
E tèlman sa fe mwen mal
Ma apote tout rivyè tout lanmè
Pou'w we jan'm obsede
Pou mwen ou pa konn sa'w ye
E tèlman sa fe mwen mal
Sou yon gita dezakode
M'pral montre'w kijan mwen tonbe

Mwen pè e m'pat vle di ou
Lanmou mwen gen nan kè mwen ka blese mwen pi fon de jou an jou
Mwen pa vle ofanse ou
Bèl ti pawol e powem ni dezi mwen genyen an dedan mwen

Pou mwen ou pa konn sa'w ye
E tèlman sa fe mwen mal
Ma apote tout rivyè tout lanmè
Pou'w we jan'm obsede
Pou mwen ou pa konn sa'w ye
E tèlman sa fe mwen mal
Sou yon gita dezakode
M'ka montre'w oooo

This obsession is my confession
I found love throungh your eyes
Pou mwen ou pa jan konn sa'w ye
Ni ou pap janm konnen m'obsede

This obsession is my confession
I found love throungh your eyes
M'a ekri'w powem ki alanvè
Invante des mots ki devan dèyè

This obsession is my confession
I found love throungh your eyes
Pou mwen ou pa jan konn sa'w ye
Ni ou pap janm konnen m'obsede

Mwen ekri powem ki alanvè
Invante des mots ki devan dèyè
Ka di'w lanmou'm nan yon lot verite
Tèlman m'obsede

Dlo nan je'm ap fe rigol sou manton'm
Lè m'ap febli ak tout vye rezon

Nan zye'w genyen yon labirint
Lè'm antre, mwen pa jan'm ka soti
This obsesion is my confession
I found love through your eyes