Pap Ka Separe • Harmonik

ADDED BY ZOKLO (DEC 12, 2021 AT 4:51 PM) 2,911 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2021
Featuring: Jessie Woo

[Verse 1]
Lè nou tou de mete pye n yon konte
Tankou dyaman nou briye
Tout moun sou de ran pou yo ka aklame n
Yon rèn ak yon wa kap kontre
Lè nou ansanm nou fè youn lòt vin pi bèl
Tout antouraj nou pran nou kòm modèl
Nou gon afinite se li ki fòs nou toulède
Nou pa ka kite anyen sou tè sa separe n

[Hook]
Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap kapab nou pap kapab

[Verse 2]
Lè ou pa prem gon bagay ki manke m
M kouwè yon selilè san rezo
Lè w deplase m ap priye san rete
Pou w ka retounen sen e sof
Lè nou pa byen mwen pa menm gen apeti
Lè w pa tounen menm sou kont ou m ta mouri
This is more than chemistry this will last infinitely
Nou pap ka kite anyen sou tè sa separe n

[Hook]

Cheri mwen akonpaye w rive jis nan syèl
Pase pran m m ap pase chèche w

[Keyboard Solo]

Ansanm nap mouri, yo panse yo te ka separe nou
Ebyen cheri nou bon sou yo
Nou bon sou yo (3x)
Nou bon sou yo (3x)

Si nou rete jann ye a
Lanmou n ap envensib
Pèsonn pap ka janm jwe pou nou
Si nou rete jann ye a
Nou pap demakonnen
Jiskaske souf nou pran fen

Lè nou pran lari - n ap ba yo cho
Lè n ap pran plezi - n ap ba yo cho
Lè n ap vwayaje - n ap ba yo cho
Lè n ap byen fete - n ap ba yo cho
Lè anivèsè - n ap ba yo cho
Lè n an senkantèn - n ap ba yo cho
Figi nou mèt fè pli - n ap ba yo cho
Nou pap sispann souri

Si nou rete jann ye a
Lanmou n ap envensib
Pèsonn pap ka janm jwe pou nou
Si nou rete jann ye a
Nou pap demakonnen
Jiskaske souf nou pran fen

Lè nou pran lari - n ap ba yo cho
Lè n ap pran plezi - n ap ba yo cho
Lè n ap vwayaje - n ap ba yo cho
Lè n ap byen fete - n ap ba yo cho
Lè anivèsè - n ap ba yo cho
Lè n an senkantèn - n ap ba yo cho
Figi nou mèt fè pli - n ap ba yo cho
Nou pap sispann souri

[Keyboard Solo]
Nou bon sou yo

Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap ka separe nou pap kapab
Nou pap kapab nou pap kapab