Nou Fyè • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUL 22, 2021 AT 2:46 PM) 520 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Master Sun, Young Cliff, Condagana, Fantom, Izolan, Brital, Bric

[Intro]
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n

[Master Sun]
Ou pa gen dwa pè pou pale de kote ou sòti
Pa gen dwa care pou w montre moun ki kote w dòmi
Leve drapo n si nou .... si n gen san Dessalines
Nou se Ewo nou fyè n ap toujou travay pou peyi n
Lakay mwen m pa met angrè sou sak pa bon
Batay mwen se mete jenès sou wout ki bon
Nan mind mwen sa ka chanje si gen devouman
Mèsi granmèt dèske ou banm Ayiti kòm manman

[Young Cliff]
Aprè lekòl mwen lè m konn al nan pwogram rap
Lè m pran mikwo pou m drop tout moun di piga m stop
Eyo pap m pap stop Jamè
Se sak fè ladan m ap pwouve ke m son black Rapè
Si w pa kou mwen si jou va jou vyen Bondye ap fè m wè klè
Tankou l te lajounen, lè sa map konn kibò m ap met pye m
Lè Satan vle devye m les hommes vle pyeje m
Yo pa ka fè m anyen sè l Bondye k ka dirije m

[Refren: Condagana]
(Nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè, nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
(Kot ewo nou yo, met drapo n)
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n
(Nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
.......
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n

[Fantom]
Tout mouvman avan l eklate fòk li jwen chalè underground
Pou number one fò w gen kouraj san lajan
Fò w mete nanm, tan w
Gadon talan Bondye banm rap se san m
Jou m ta bali do fòk nèg anlè a pran m
Si sa k bay pou èg plase nan pòch ou s on kout trèt
Kit lakay pa bon tou m pa regrèt se la m te fèt
Pou grangou sou frè w pa ezite fè yon kout dwèt
Kot lanmou genyen rejte fyète kontra w s on bèt

[Izolan]
Sa k te banm pwoblèm fanmi m pat janm vle m nan Rap la
Kounya depi m fon panche yo di Izo fòk ou drop la
Gade moun k ap chache je m pou yo banm peace
Fè medam yo ap goumen pou yo pot non madan atis
2 ans de cela gen moun ki panse tèt mwen cho
Kounya depi m pran mikwo m fè moun bat bravo
(Machann peyi) pa pouse jenès la fè vye zak
Renmen kilti n renmen peyi n nou fyè dèske n se black

[Refren: Condagana]
(Nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
(Kot ewo nou yo, met drapo n)
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n
(Nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
.......
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n

[Brital]
Chak fwa ou tande rap nou w ap toujou gen krentif
.... Bas peu de chose mon aktif
Yon fyète nasyonal nou s on art
Pou tout sa w fè pou nou granmèt ou merite gloire
N ap tou fè w konnen ayisyen nou ye
Hip Hop kreyòl la se li nou reprezante
Sa k fè ipokrit pale mal
Yo di nou gen zam ilegal
N ap travay pozitif pou n pwòpte ide sal

[Bricks]
Youn nan fyète m genyen sèke m wè m te piti m grandi
Nonm tou nonme pwa se BC k banm li
Misye di flo m diferan
E sa di m s on ti frekan
Pawòl anpil sa ti papa m ap fè w konnen BPC m soti
Peyi m nan ede lòt nan pran libète
San bliye n se premye pèp nwa ki te libere
Menm lè yo di, se ka Ayiti a k pi kritik nan black
M ap toujou fyè paske m se zantray 1804

[Refren: Condagana]
(Nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
(Kot ewo nou yo, met drapo n)
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n
(Nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè, nou fyè)
Nou fyè n ap toujou renmen peyi n
.......
Nou fyè n ap toujou kenbe kilti n