Goumen Pou Saw Kwè • Barikad Crew

ADDED BY ZOKLO (JAN 10, 2014 AT 1:04 AM) 19,324 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2009

[Intro]
Pouw viv, fòw lite. Lite jiskaske souf ou koupe. Obstak ka fèw kilbite. Men siw gen volonte, ou pap tonbe. Ret kanpe ! Kanpe ! Kounye a li lè pouw goumen pou saw kwè

[Verse 1: Master Sun]
Ou konprann ou panse ak l'avenir
Lavi g'on sètenn… pafwa ki lèd tankou ‘on pakoti
Si wap gad kotew soti wap wè'l parèt sonb
…se pa onb
Paske kwè nan tèt paw se kraze tonb
Pou demen nan saw kwè a [@LirikAkFlo]pouw eklate tankou bonm
Paske sa chat konnen rat konnen, pa di ke ou pat konnen
Pou saw t'ap goumen an se yon lit ke ou t'ap mennen

[Verse 2: Dejavu]
N'bat dlo nfè'l tounnen bè e n'kwè'n goumen pou fè lit la miltipliye
Nan fè kole pyese pou'n drop, kenbe pou'n sispann pyetine
Avèk anpil prensip, kouraj tèt kana monte tab
Disiplin detèminasyon, n'franchi yon lòt etap
Rete soude kwè nan mouvman an
Menm jan Allah pou mizilman an
Rete sou…kwè nan moman
Menm jan wa va fèl mistikman
M'kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase, vye frè'm
Ak…pa gen èn li pa trase

[Verse 3: Izolan]
Nan saw wè w'ap lite a se ladanl w'ap reyisi a
Menm siw wè w'ap kilbite jou paw la gen poul rive
Jan fanmim te konsevwam nan lavi a se pa konsa'm viv
Nan projects la mte sipoze ale legliz
Men pou mwen ret annda kay pat yon tease
Gen pretansyon na vi sa, pa stil pam
Defann dwa'm ranpli, devwa'm se pwòp chwa'm
Apre prizon mte pran pou game nan gen moun ki te panse mwen t'ap vag nigga
Men tout pasyon'm se pou rap m'ap toujou drop frero

[Verse 4: Brital]
…fòw fè bak
Pou progresyon paw la fòw fè sak – ki pozitif
Ou bezwen bay gòl man, fòw fè tak
Konsaw gen pouw [@LirikAkFlo]wè rèv ou fè enpak
Plante nan bon sezon, devan pouw rekotlte rezon
Travay di ka louvri pòt yon lòt orizon
Pingaw abandone, anyen pa di tèt ou koupe
Janw te fèt la, se pa konsaw prale

[K-tafal]
Aaa ! Ha ! Batay la di. W'anfas anpil gwo énmi. Kisa wap fè ? W'ap abandone oubyen w'ap reziste ? Kisa w'ap fè !?

[Verse 5: Fantom]
Ou fè tout viv ou t'ap mennen yon pèpetyèl lit
Anfenw brebi, ou monte nenpot pyèw te fit
Kit moun t'ap riw ou ret femen w'pa janm aji vit
Sak fè plis bri ou konnen se yon tono vid
Ou te kwè ke se jou paw la ki pot ko rive
Ou te kwè zetwal paw la yon jou te gen pou'l briye
Ou te kwè tout saw antreprann nèt te gen pou mache
Ou te kwè pa gen moun ki ka fè si'l pat konn sa'l vle

[Verse 6: Bricks]
Menm jan pou kay la monte fòw poze plizye blòk
Pou peyi a tranble BC chofe nan plizye blòk
Pou vizyonm man mpa kwè ke gen meyè ke mwen
But misyonm pou manmanm fòw ta yon enjenyè demen
Se pa fòt mwen si sanm mele ak rap tankou se fanm ak nèg
Gen anpil fwa mte vle bay vag men gen kèk bon patnè
Ki pale avèm pou'm ret soude ak rap
San èn nan kè'm mwen te goumen jis poum prouve sak laaa

[Verse 7: Dade]
Malgre jan sa di pou mwen m'pat janm kite don'm aladriv, non'm aladriv
Donk tout sa'm te ekri anba bouch, m'mete yo tout alabri
Map fèw konnen gen [@LirikAkFlo]lwa kfèt pou ofanse
Goumen pou saw kwè, panche vè ou jistan dwa a ap reseye
Nou sezi yon ofrann yo pa ofri'n, nan figi tout moun
Ki pa fè ri tout moun, non, ki pa fè ri tout moun
M'avizew nigga saw wè la poko janm tout nou
Fòw met flè atè lè n'ap pase pouw akeyi'n nan wout nou

[Verse 8: K-tafal]
Sila ki pa'n ba'n ospitalite san pa nwi (Yo pa nwi!)
…
Nou pat janm nan sa se pa'n
Nou te konn separe tout bagay ak frè'n san di fout
Depiw te bezw'on goud se pranl san oken dout
Gade janl ye a wap wè chak moun te wa nan peyi'l
Ki gen devwa lite jouk sa kaba pou'l pa anperil
Kout kanno ka tire, chapo tonbe, chwal la bite de pye devan
Ou pa gen dwa lesetonbe. En avant !!

[Outro]
Non ! Pa gen gad dèyè. Fè saw dwe fè. E pa bliye : linyon fè lafòs ! An'n di ak anpil fòs :
Kondagana : Si linite te pèmèt Ayiti libere…
K-tafal : Nou Barikad …
Dejavu : Nou jire pou'n toujou ret soude
Izolan : E nou kwè se nan travay…
Dade : Non, nan batay !...
Fantom : Ke na chanje figi lakay
Master Sun : Se devwa'n pou'n goumen pandan lavi nou…
Bricks : Ak tèt frèt, san bliye rasin nou…
………: Se pou sa…
Brital : Nou drese Barikad…
Young Cliff: Kont tout barikad!

[Kondagana] (2x)
Goumen pou saw kwè s'on devwa, e an menm tan li se yon dwa
Men avantou, npa gen lechwa. Goumen pou'n sòti nan fè nwa

(3x )Ansanm ya wè'n pot laviktwa !