Siw Renmenl • KrisPek

ADDED BY LILPETER3 (APR 2, 2021 AT 11:14 AM) 749 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: ODT
Year: 2021
Produced by: Gblack Master

[Verse 1]
Pa gen mizik ki pa ka mache
Depi l g on piblik ki pou akonpanye l
Nenpòt jan an, zèv la p ap gache
Pa gen jan pou talan an kache
Si w fè devwa w kòm fàn
Pataje sa w renmen, sou sa w pa renmen yo fò w pa ret tache
Pa g on afè de tandans
Konpa ou rap, se piblik ki bay hit
Depi l travèse w li ka mennen, menm sou beat bout mamit
Jis aprann fokis sou sa w feel
Aprann pataje sa w feel
A fòs w ap pale de pwodwi w renmen, nenpòt ki tande w fò l swiv
Se menm jan an lè w kritik on zèv
À la minute ou di w pa renmen l, ou voye tout moun ki tande w di ou pa renmen l al chèch on prèv
S on fason pou m di w, sa w inyore pap pase
Si w swete wè m on top, pataje son m, kote w vle ou ka plase m
Paske se piblik ki fè zik mennen
Difisil m fè l, si n renmen l
Nou ka fè l rantab
Pa g on kesyon de piblik pi feel yenyen
Tout atis ki vin star se gras avèk fànbez li
Si mizik mwen travèse w, lè pou w pataje l, fò w pa lazy
Koz...

[Refrain]
Si w renmen l
Atann g on lòt ki ka renmen l tou, jwe l nan baz ou
Si w renmen l
Kite l fè w vwayaje, chak fwa w koute l nan kas ou
Si w renmen l
Epi w chwazi sipòte l, Yo... m pa ka mouri pòv
Si w renmen l
Ou ka fè m ouvri kò m
Si w renmen l
Ou ka fè m jwi kòb
(2x)

[Verse 2]
M konnen chak fwa n anvi entèprete m,
Vibe la pa pèmèt
M agresif, “bonjou” m sanble “vouzan”
M rap like m ap fè dwèt
Men l enpòtan pou n aksepte sa a se idantite m
Rap hardcore, bèl tèks
Si m diferansye m se pou n ka idantifye m
Si medya pa woule m, pa grav, m pa t janm on pwent tete
Pi gwo fòs on atis se fànbez li
Pa gen fent, pepe
M rekonèt fòs medya, men yo pap ka fè m ret grapyay... si n avè m
Koz yo pap ka bòykote m si yo pa megabay
M pito rete pòv pou m kontinye fè mizik rich
Tan pou m anrichi m sou do n nan ba nou mizik pòv
Ou pa oblije ret koute m, si w pa renmen m jis switch
Al sipòte on lòt ki bay zòrèy ou plis love
Koz... Chak fwa w ban m on ekout
Atis w a pèdi on ekout
Chak grenn view se kòb
1 goud + 1 goud sa bay 2 goud
M pap desann nivo rap mwen pou m vin chèche clout
M fè mizik jan m renmen l, jan m santi l
M pa oblije fè enpak
But...

[Refrain]
Si w renmen l
Atann g on lòt ki ka renmen l tou, jwe l nan baz ou
Si w renmen l
Kite l fè w vwayaje chak fwa w koute l nan kas ou
Si w renmen l
Epi w chwazi sipòte l, yo! M pa ka mouri pòv
Si w renmen l
Ou ka fè m ouvri kò m
Si w renmen l
Ou ka fè m jwi kòb
(2x)