Just Tandem • JB Man

ADDED BY JBMAN (APR 29, 2021 AT 5:37 AM) 680 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2021
Lyrics by: SV Music

[ Intro... ]

M'pa gen chema poum fè sou beat m'deja prouve talan
Prezantasyon m' sikatrize bay kè anfle  map still ret JB Man
M'te kontantem ak fòm cheni m' pat twò prese fè zèl
Sak konn tante mete baliz pat ka bloke devlopman fèl
M'son piti pami pi gran tèks mwen  modèl
M'son piti ki pa brigan sou atakem' se ou kap wèl
Bay respè a san filtè a tout pi gran ki respekte talan
Si m' pa site pa kondane m' kite m' sou rezèv lan
Mte toujou renmen rasin nan domino m'jere RAM
M'renmen obstak pandan m'pat janm fokis sou DRAM
M'Fè yon rap Boukman san banabe ak eksperyans
Yon vibe tèt souke ki fè bèbè pale soudè mande silans
Just tandem tandem aprè si n' vle na kòmante
Trus nan Dieu m' pa menm oze mande si kòm ante
M'just antre nou just tandem sanm pa frape nou toumante
When i say but sak pase nap boule nou tout tranble
Fuck tout fake alye ki pran plezi tanbou danse sou dom ( what? )
Floch tout sa ki hate avan m'te prè pou yo poum chanje rad
San aksan map mete fos pouse rèv menm lèm pa nan domi
M'mastibe pansem sanm pa bal poz ejakile lirik

[ Pont ]

Bens design banm videyo m'redemare san mil a lè
Pale byen devanm pou dom pou mal sèvi l' kouplè
Si rap chaje papa m'big up chinwa kap konteste pou ADN
Son kontèks vre ki konplekse ipokrizi a bay pwoblèm
Stad debitan m'pap ka bliye se lam pase poum ka briye
E pa bliye epòk true tap fèt malgre l'potko ka vann
Te konsève tou tabliye m'te gen espwa yon jou machann
Kounya l' vin gen make up opa avan l' te fèt san makiye