Mete Limyè Sou Mwen • Baky

ADDED BY ZOKLO (DEC 4, 2021 AT 11:07 AM) 1,677 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2021
Produced by: JED

2 8 6

Rap kreyòl nan fè nwa pou klere l Men Rapè n tap tann lan
Mete Limyè sou mwen
Fè m wè flash yo anlè, kale je n menm kanpe devanm lan
Mete Limyè sou mwen
Nèg yo pa wè m yo fache
Yo fè vi ap chache m
Mete Limyè sou mwen
Solèy balèn Camera flash nigga
Mete Limyè sou mwen
[X2]

[Verse-1]
Se lè w tande m wap wè Game sa pat cho vre
Wap wè tout rapè w te konn ap di fò yo, youn nan yo pa fò vre
Wap wè Rap Kreyòl chaje ipokrit, E Game sa pa gen Love vre
Se lèm lage wap wè w te nan erè, lòt rapè tap fè kòve
Ou te nan fè nwa vre
Map di verite Ke lòt moun pa ka di
Sal merite sou tonb li yap ba lil
Lavi m son liv ouvè men pèsòn pa ka lil
Map preche lapè, men micro m gon galil
Pa panse w kale si w wè nou blese, plen nèg kap vin vanje n aprè
Nap pran poz renmen m men m konn sa ki nan kè nou mesye
(Jamè) Jamè m pap janm ka pè nou mesyeu
Dayè n N son bann rapper pwopagann
Sèl sa mizik nou ap vann
Se dwog gang
Nou pran Game sa pou savann
Sèl grenn imaj nou ka vann, Kòb fanm
M te kwè nan nou men n fè rap kreyòl tonbe petit a petit
M te bann fon kou, men pi gran atakan pap dako ret sou ban si ekip ap pèdi

[Refren]
Rap kreyòl nan fè nwa pou klerel Men Rapè n tap tann lan
Mete Limyè sou mwen
Fèm wè flash yo anlè, kale je n menm kanpe devanm lan
Mete Limyè sou mwen
Nèg yo pa wèm yo fache
Yo fè vi ap chachem
Mete Limyè sou mwen
Solèy balèn Camera flash nigga
Mete Limyè sou mwen
[X2]

[Verse-2]
Map chache konpetisyon m pa wè youn, koman w vle m pèdi tanm ak yon dal apranti?
E menm lè n wè nou tout te pran menm wout, pou n ta rive touche m, fòk mwen ta ralanti
Si w pa janm ka grandi an tan ke moun
Koman w ta vle pou mizik ou grandi?
Si m tap fè rap sosyal, m pa tap gon goud
Nou mèt al mande Blaze One si m manti
Fuck koudeta m pa nan jere team
M just silans pou m pa kreye beef
Dayè m sispann fè vye beef rap pou Bravo
Depi lè m wè ke Bravo pap peye bill
Nan chache Hit Nivo mizik desann
Nèg yo pran Rap jis pou kritike fanm
Sak fè m ka di Rap kreyòl pa gen mèt, paske sa k te pou te mèt yo vin piti devanm
Popilè, byen presi
Nap milyonè paske n envesti
Plen nèg kap beef mwen pou Granmesi
Fè bouda w fè tiktak poukow enbesil
M jwe pou lajan men talanm pa gen pri
Si aprè sa n pa wè m pi konn ekri, se nou menm ki pa konn li

[Refren]
Rap kreyòl nan fè nwa pou klerel Men Rapè n tap tann lan
Mete Limyè sou mwen
Fèm wè flash yo anlè, kale je n menm kanpe devanm lan
Mete Limyè sou mwen
Nèg yo pa wèm yo fache
Yo fè vi ap chachem
Mete Limyè sou mwen
Solèy balèn Camera flash nigga
Mete Limyè sou mwen


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.