Pase La Pase La • KrisPek

ADDED BY LILPETER3 (APR 24, 2018 AT 4:50 PM) 8,452 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Produced by: Gblack Master
Lyrics by: Krispèk Nèg Bèf La

[Verse 1]
Ou ak kolonn ou yo f'on sèl,
Post'avè'm pou 2 jou aprè'n lage
Lè'w fèk avè'm tèlman'w fè foli pou mw m'te panse m' t'on mizik k'apèn lage !
Lè jou ap pase,
Chalè'n ap bese k'on bouboul kap kase,
Nou pat konn pase 2 jou pou'n pa kase
Now m'rete m' wè n' pase semèn nou pa kwaze.
Hé ! Move sinyal!
M'paka fache koz wap move si'm mind
W'fè madichon tounen pwofesi.
Gyal ou fè'm santi m'ta pase'w on move sinyal!!!!
Hé! W'anvi fè'm pèdi valè'm.
Nan «viv damou» w'fè'm pèdi «valet» m'..
M'te met espwa'm sou ou now ou mete'w sou espwa'm jwi lavi'w, pran plezi'w bb. M'pa gen pwoblèm !

[Refren]
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'knn c'est la dernière qui recevra...
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'knn c'est la dernière qui recevra.

[Verse 2]
Kèk semèn aprè m'ale f'on lòt eksperyans
Ak on lòt shawty'k te ban'm on lòt esperans
Tèt mwen pete tout moun panse se rans
Tèlman premye defèt la pat twò sanbl'on bonne séance...
Sou pwofil Whatsapp nou se foto kap mete
Ti bo kap bay, sou facebook nap teke,
Ex mw regrèt koz avè'l nèg poko janm kapab rete,
M'jwenn jistis mwen m'kontan, Se kny m'pral fete.
Suspens!
Move feedback!
M'fèk tande mennaj mw nan vole,m'feel bad.
Nèg kap konseye'm nan lè'l move eh fi'l bat.
M'pa vle pase pou fake... Poze ti bway!
Sa'k pa konfime se rimè...
Se lè'w gen prèv nan men'w w'nan limyè.
M'jwenn foto m'wè mennaj mw kap bo ak lepè, genlè'l blo'm pou lajan.
Bb pa gn pwoblèm !

[Refren]
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'knn c'est la dernière qui recevra...
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'konn c'est la dernière qui recevra.

[Verse 3]
Pa kase tèt ou pou fanm man.
Sa'k rèd se lè pou'w konnen
Kiyès ki renmen'w tout bon,
Sa'k pa sensè yo pi plis.
Yo plis kanpe sou f'on men!
Sa'k pase la?
Foul la mare.
M's'on richès ki rezève pour la mariée.
Ou voye panye'w domaj poul la ale.
M'pa g'on kè, m'g'on chato,
Ou g'on poulaye.
Lanmou kny bay swe nan tèt...
Nèg ki di l'pap janm pran zoklo a se mantè.
Sa'w rele love la pou mw s'on putain d'faux cul
Focus sou bluff kou Fecky...
Fecky... Fake wi.
Ret nan lavi'm si'w vle.
Kite mwen si'w anvi.
Relasyon pa fèt nan fòse bb,
Sinon'w fè vèy ou menm si'w an vi.

[Refren]
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'knn c'est la dernière qui recevra...
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Pase La Pase La
Men m'konn c'est la dernière qui recevra.