Wap Pote L Tounen • Masterbrain

ADDED BY DIDIER (NOV 22, 2020 AT 9:51 PM) 879 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Flav

W ap veye lè n fon ti kite pou w prann nan men m
Touye w rache w ou di se limenm ou vle tèlman w remen l, esa
Ok m konprann li byen kanpe, ou anvi manyen l
Kite m pale w de li ok, paske w poko konnen l

[Verse 1]
Fanm sa fòl epi l gen djòl
Li ka fè w rale kòd pann tèt ou ak yon grenn pawòl
Li gen dlo pre l li se yon drama quenn e manzè dwòl
Li paresèz li pap travay e l renmen sòl
Ou wè lè w mennen l soti l ap debake ak tout zanmi l
Mennen l nan restoran fò l pot manje pou tout fanmi l
Si l pran pòz vièj Mari l ou mèt konn Joseph anba tab
Cheve zong chak semèn, an nou onèt m pap kapab

[Chorus]
M gentan fin gate mwen fin abitye
Ou mèt al avè l
Sa w pran pou defo l pou mwen se kalite
Ou mèt al avè l – w ap pote l tounen
Jan l lage sik sou kabann nan
Pèsonn pa ka fè l konsa – w ap pote l tounen
Jan l tape bannan nan sòs la
Pesòn pa ka fè – w ap pote l tounen

[Verse 2]
Ou ka panse m ap fè jalou si w vle ou ka pa kwè m
Pa gen machin o mond ki ka deal ak fanm sa aprè m
Se mwen k pi bon zanmi l se mwen k pi bon patnè l
Al avè l, m ap kwaze de pye m chita m ap tann afè m
Li se doktè m li se maladi m
Li se lanfè m li se paradi m
Ou vle konnen kijan m fè konnen w ap pote l tounen
Se paske menm nan fè lanmou m konn fanm sa sou goumen

[Chorus]

Ok, lagè avèti pa tiye kapon
Yeah man
Chache wout ou ti gason
Ou pa ka jere fanm sa

[Keyboard]

Rap ak konpa
Yo pat konn pati sa

[Guitar]
Epi epi depoze gouyad la
Gen pou tèt gen pou ren
Woy lagè avèti pa tiye kapon

[Keyboard]
Ti bout anba li gen mèt déjà

[Guitar]