Se Konsam Viv • KrisPek

ADDED BY LILPETER3 (DEC 29, 2020 AT 2:05 PM) 1,078 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Produced by: Gblack Master

[Verse 1]
Y ap plede
Fè sanblan
Y ap pale d’on vi yo pap viv vre
Diskou ti Prince, reyalite esklav
Si w tande yo k ap pale w ap vibre
Y obsede
De tchanpan
Pa fè kou avèk yo, y ap livre w
Lajan pa vin nan pòch yo dri vre
Men yo fè kòmsi yo pap drive
KrisPek Nèg Bèf La pap janm ka tchoul pèsòn
Paske m pa mache dèyè moun
M mache ak moun
Jere kotèks ou, m ap jere daypè m
Foure dwèt nan gòje m, sou ou m krache lagoum
Petit que soit-il, se ak ti sa m genyen yo ke m chache atou m
Ti pikan k’ sou wout mwen pap gache pakou m
Se fyète m ak bravou m ki kache mak klou m
W ap konn lè m gen kòb ou pap konn lè m razè
Se pou m pa mele pwèl m raze
Nèg tankou m yo pa gen statu brasè
M gen fobi repwòch, fyète m anpeche m brase
M pa konn fè menas, men m konn avèti
Lè m bezwen fè baz mwen, m konn avèk ki
M nan kategori m, pa konpare m ak lòt
M pa bzwn w mete m avan ki, aprè ki
Ne me souhaite pas tout le bonheur du monde
Je ne veux pas qu’ tu deviennes mon ennemi
Pa konte sou mwen pou m tann benediksyon w
Avan m fè kwakseswa, se Bondye k’ beni
M rel’on chen, chen, m rel’on chat, chat
Pa tann pou m di w sa w vle tande, m pa ougan
Si w pa konpòte w avèk modesti
Alors bien sûr que w dwe twouve m awogan

[Pré-Refrain]
Beaucoup d’ connaissances
Men m gen trè peu d’ potes
F cube
(Se konsa m viv)
Tout nèg ki sou tab mwen yo gen idéo m
Que des frères
Eh!
Lè m genyen m viv k’on k’on ougan
Lè m razè m viv Tankou m t’on boudhiste
(Se konsa m viv)
J’suis dans la qualité, pas dans la quantité
Pek’Haut

[Refrain]
M mach’on pye dèyè, on pye devan
(Se konsa)
Pwòp mabouya m rele van m
(Se konsa)
Jamè diyite m pa dwe vann
(Se konsa)
Petit Batard!
(Se Konsa m viv)
Je tig, memwa elefan
(Se konsa)
M pa janm flate, m ne fran
(Se konsa)
Devan sousi, m mare fwon
(Se konsa)
...
(Se konsa m viv)

[Verse 2]
M pa fè zanmi 2 fwa, m pa padone trèt
Ansyen zanmitay se “capote usagée”
Si malè rive m, se karma, pas ta poisse
Siye bouch ou 3 fwa chak lè w fin krache
Pou m jwenn gras Bondye, m pap adore prèt
M ap touche somè ak pwofil Zache
K’on putain d’ phÅ“nix ki pral renaître nan sann li, Rèv mwen ap reprann vi l aprè l fin gache
Lè y ap tann coup d’envoi
Mwen m ap fonse dirèk
Yo di m met pwen vigil
M met pwen, m fwonse tirè
Avèg ak vizyon
Pensée conceptuelle
W vle machande m
Qui est-ce que tu penses que tu es?
M ap make sure m gen etwal avan m mande ci-el
M mefye m des apparences
Dlo je sanble sueur
Frap goudougou, vibe mwen tranble ti nèg
Moi j’vais tous les fumer jistan kansè tiye m
Ahhh!!!
Trop fier, orgueilleux, m travay an ekip, m pa aksepte favè
M fè mizik pou m viv pasyon m, fuck opinion w
M pa jan de nèg k ap tann pou w apresye sa m fè
Vide lwil sou chemen pou m parèt
J’ t’envoie des balles tankou Gareth
Depresif, m reflechi sou karyè m ak yon sigarèt
Ahhh!

[Pré-Refrain]
Beaucoup d’ connaissances
Men m gen trè peu d’ potes
F cube
(Se konsa m viv)
Tout nèg ki sou tab mwen yo gen idéo m
Que des frères
Eh!
Lè m genyen m viv k’on k’on ougan
Lè m razè m viv Tankou m t’on boudhiste
(Se konsa m viv)
J’suis dans la qualité, pas dans la quantité
Pek’Haut

[Refrain]
M mach’on pye dèyè, on pye devan
(Se konsa)
Pwòp mabouya m rele van m
(Se konsa)
Jamè diyite m pa dwe vann
(Se konsa)
Petit Batard!
(Se Konsa m viv)
Je tig, memwa elefan
(Se konsa)
M pa janm flate, m ne fran
(Se konsa)
Devan sousi, m mare fwon
(Se konsa)
...
(Se konsa m viv)